82
Yon Sòm Asaph
Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a.
Li fè jijman nan mitan Egz 21:6dye yo.
Pou konbyen de tan nou va jije san jistis,
e Det 1:17montre favè a mechan yo?
 
“Fè defans fèb yo ak òfelen yo.
Fè jistis a aflije ak malere yo.
Job 29:12 Sove fèb yo ak malere yo.
Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”
Yo pa konnen ni yo pa konprann.
Yo Pwov 2:13mache toupatou nan fènwa.
Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.
Mwen Sòm 82:1 te di: “Se dye ke nou ye,
e nou tout se fis a Pi Wo a.
Sepandan, Job 21:32 nou va mouri tankou moun,
e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”
Leve, O Bondye, jije tè a!
Paske se Ou ki Sòm 2:8posede tout nasyon yo.

82:1 Egz 21:6

82:2 Det 1:17

82:4 Job 29:12

82:5 Pwov 2:13

82:6 Sòm 82:1

82:7 Job 21:32

82:8 Sòm 2:8