81
Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph
Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou!
Rele fò ak jwa a Sòm 84:8Bondye a Jacob la!
Leve yon chan, bat Egz 15:20 tanbouren an,
gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.
Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan,
sou plèn lin nan, nan jou Lev 23:24fèt nou an.
Paske se yon règleman Israël,
yon òdonans a Bondye Jacob la.
Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph
lè li te Egz 11:4 ale toupatou nan peyi Égypte la.
Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.
Mwen te retire fado a sou zepòl li.
Men li yo te vin lib panyen an.
Ou te Egz 2:23 rele nan twoub la e Mwen
te fè ou sekou.
Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a.
Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo.
Tan
 
Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou.
O Israël, si ou Sòm 95:7 ta koute Mwen!
Pa kite okenn dye etranje rete pami nou.
Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.
10  Egz 20:2 Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an,
ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.
Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.
11 Men pèp Mwen an Det 32:15 pa t koute vwa M.
Ni Israël pa t obeyi Mwen.
12 Akoz sa, Mwen te Job 8:4 lage yo a kè di yo,
pou mache nan pwòp manèv yo.
13 O ke pèp Mwen an ta koute Mwen,
ke Israël ta Sòm 128:1 mache nan vwa Mwen yo!
14 Mwen ta Sòm 18:47 soumèt lènmi yo byen vit
e ta vire men m kont advèsè yo.
15  Wo 1:30 Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm
e pinisyon yo ta pou tout tan.
16 Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk Det 32:14 pi bon kalite ble a.
Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.

81:1 Sòm 84:8

81:2 Egz 15:20

81:3 Lev 23:24

81:5 Egz 11:4

81:7 Egz 2:23

81:8 Sòm 95:7

81:10 Egz 20:2

81:11 Det 32:15

81:12 Job 8:4

81:13 Sòm 128:1

81:14 Sòm 18:47

81:15 Wo 1:30

81:16 Det 32:14