80
Pou direktè koral la; pou jwe a “Lis Akò Yo”. Yon Sòm Asaph
1 O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la; Ou menm ki mennen
Joseph tankou yon twoupo; Ou menm ki ✡ Egz 25:22 chita sou twòn
anwo cheriben yo, se pou ou briye.
2 Devan Éphraïm avèk Benjamin ak Manassé, fè vire
tout fòs Ou;
Epi vin bannou sekou!
3 O Bondye, restore nou e ✡ Nonb 6:25fè vizaj Ou briye
sou nou e nou va sove.
4 O Bondye dèzame yo, ✡ Sòm 79:5 pou konbyen de tan
Ou va fache avèk lapriyè a pèp Ou a?
5 Ou te bay yo ✡ Sòm 42:3 pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo e
Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.
6 Ou fè nou vin yon objè konfli devan
✡ Sòm 44:13 vwazen nou yo e lènmi nou yo ri pami yo menm.
7 O Bondye dèzame yo, restore nou, fè vizaj Ou
klere sou nou e nou va sove.
8 Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte;
Ou te chase mete nasyon yo deyò pou
te ✡ Jr 11:17plante li la.
9 Ou te netwaye tè a devan l,
li te ✡ Os 14:5anrasine byen fon e te
ranpli peyi a.
10 Mòn yo te kouvri ak lonbraj li e
Pye sèd Bondye yo avèk tout ✡ Jen 49:22 branch yo.
11 Li te voye branch li yo rive ✡ Sòm 72:8 jis nan lanmè e
boujon li yo jis nan Rivyè a.
12 Poukisa Ou te ✡ Sòm 89:40 kraze tout kloti li yo,
Pou tout sila ki pase la yo kab rekòlte fwi li yo?
13 Yon gwo mal kochon sovaj sòti nan forè
pou manje ladann e nenpòt bagay ki fè mouvman nan chan an,
manje sou li.
14 O Bondye dèzame yo, vire fè bak depi koulye a,
nou sipliye Ou, souple;
✡ Sòm 102:19Gade soti anwo nan syèl la pou wè e
okipe pye sila a,
15 Menm boujon ke men dwat Ou te plante a e
fis ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.
16 Li fin brile ak dife, li fin koupe atè nèt;
Yo peri ak repwòch fas Ou.
17 Kite ✡ Sòm 89:21 men Ou rete sou nonm nan
ki se men dwat Ou a,
Sou fis a lòm ke ou te fè pwisan
pou Ou menm nan.
18 Konsa, nou p ap vire fè bak kite Ou;
Fè nou leve ankò e nou va rele non Ou.
19 O SENYÈ dezame yo, restore nou;
Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.