72
Yon Sòm a Salomon
1 Bay a wa a ✡ I Wa 3:9 jijman Ou yo, O Bondye,
ak ladwati Ou a fis a Wa a.
2 Ke li kapab ✡ És 9:7 jije pèp Ou a
avèk ladwati e aflije Ou yo avèk jistis.
3 Kite mòn yo pote ✡ És 2:4 lapè a pèp la e
kolin yo, ladwati.
4 Ke li kapab ✡ És 11:4 vanje sila ki aflije pèp la,
fè sekou pou pitit a malere yo,
e kraze opresè a.
5 Kite yo krent Ou ✡ Sòm 72:17 pou tout tan
ke solèy la klere
ak tout tan ke genyen lalin,
pandan tout jenerasyon yo.
6 Ke li kapab desann ✡ Det 32:2 tankou lapli sou chan
zèb fenk koupe yo,
tankou farinaj ki wouze tè a.
7 Nan jou li yo, ke moun ladwati yo fleri,
avèk ✡ És 2:4 lapè an abondans jiskaske lalin nan
Pa wè ankò.
8 Anplis, ke li kapab renye
jiskaske yon ✡ Egz 23:31 lanmè rive nan yon lòt
lanmè a,
e soti nan Rivyè a jis rive
nan dènye pwent tè a.
9 Kite pèp ki abite nan dezè a bese devan l,
e lènmi li yo ✡ És 49:23 niche pousyè a.
10 Kite wa a Tarsis yo avèk lil yo
pote kado;
Wa a Séba avèk ✡ Jen 10:7 Saba yo ofri kado.
11 Konsa, kite tout wa yo bese ba devan l,
pou tout ✡ Sòm 86:9nasyon yo sèvi li.
12 Paske li va ✡ Job 29:12 delivre malere a
lè l kriye sekou;
aflije yo tou, avèk sila ki san soutyen an.
13 Li va gen ✡ Pwov 19:17 mizerikòd sou malere a
avèk endijan an,
e lavi a pòv yo, li va sove.
14 Li va delivre lavi yo
soti nan opresyon avèk vyolans
e san yo va chè nan zye Li.
15 Konsa, ke li viv e ke ✡ És 60:6 lò a Séba kapab
bay a li menm.
Ke moun va priye pou li san rete.
Kite yo beni li tout lajounen.
16 Ke yo kapab genyen anpil sereyal
sou tout kolin peye a.
Fwi li yo k ap vannen nan van tankou
pye sèd a Liban yo.
Pou sa ki nan vil yo kapab fleri
tankou ✡ Job 5:25 vèdi latè.
17 Ke non li kapab dire jis pou tout tan.
Ke non li kapab grandi ✡ Sòm 89:36 toutotan
solèy la ap briye a.
Konsa, kite moun beni pwòp tèt yo
pa non li;
Kite tout nasyon yo rele li beni.
18 Beni se SENYÈ Bondye a!
Bondye Israël la!
Li sèl ki fè mèvèy!
19 Beni se ✡ Né 9:5 non laglwa Li jis pou tout tan!
Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li!
Amen e amen.
20 Priyè yo a David, fis la a Jesse fini.