6
Ankò, SENYÈ a te pale avè Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon Jij 13:5 Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a, li va refize diven avèk bwason fò. Li pa pou bwè vinèg, kit li fèt avèk diven kit bwason fò, ni li p ap bwè ji rezen, ni manje rezen, ni fre, ni sèch. Tout jou apa sa yo, li pa pou manje anyen ki pwodwi pa pye rezen, soti nan grenn li yo, jis rive nan po li.
“ ‘Tout jou yo, pandan ve apa li a, I Sam 1:11 okenn razwa p ap pase sou tèt li. Li va sen jiskaske jou li yo vin akonpli pou sa li te separe tèt li bay SENYÈ a. Li va kite cheve tèt li vin long.
Lev 21:1-3 “ ‘Tout jou a separasyon li yo, li pa pou pwoche yon mò. Li Nonb 9:6 pa pou fè tèt li pa pwòp ni pou papa li, ni manman li, pou frè li, oswa pou sè li, lè yo ta mouri, akoz separasyon li pou Bondye poze sou tèt li. Tout jou a separasyon li yo, li va sen a SENYÈ a.
“ ‘Men si yon nonm mouri sibitman bò kote li, e li konwonpi tèt cheve ki se apa li a, alò, Lev 14:8-9 li va pase razwa sou tèt li nan jou ke li vin pwòp la.Li va pase razwa sou li nan setyèm jou a. 10 Konsa, nan dizyèm jou a, li va pote de Lev 5:7 toutrèl oswa de jenn pijon vè prèt la, nan pòtay tant asanble a. 11 Prèt la va ofri youn kòm yon ofrann peche a, e lòt la kòm yon ofrann brile, epi fè ekspiyasyon pou li konsènan peche li, akoz mò a. Epi nan menm jou sa a, li va konsakre tèt li, 12 epi li va dedye a SENYÈ a jou li yo kòm yon Nazareyen, e li va mennen yon mal mouton nan laj 1 nan oswa plis kòm yon ofrann koupab. Men jou tan pase yo va vin anile akoz tan separasyon li an te vin konwonpi.
13 “ ‘Alò, sa se lalwa a yon Nazareyen. Trav 21:26 Lè jou separasyon yo vin fini, li va mennen ofrann nan nan pòtay a tant asanble a. 14 Li va prezante ofrann li an bay SENYÈ a: yon mal mouton laj 1 nan san defo kòm yon ofrann brile a, yon Lev 14:10 mouton femèl laj 1 nan san defo kòm yon ofrann peche, ak yon belye san defo kòm yon ofrann lapè, 15 epi yon panye Egz 29:2gato san ledven fèt avèk farin fen, mele avèk lwil, ofrann sereyal, ak galèt san ledven kouvri avèk lwil, ansanm avèk ofrann pa yo, ak ofrann bwason pa yo.
16 “ ‘Alò, prèt la va prezante yo devan SENYÈ a. Li va ofri ofrann peche pa li a avèk ofrann brile pa li a. 17 Li va osi ofri belye a kòm yon ofrann sakrifis lapè bay SENYÈ a, ansanm avèk yon panye gato san ledven. Prèt la va osi ofri ofrann sereyal li avèk ofrann bwason li.
18  Nonb 6:9 “ ‘Alò, apre sa, Nazareyen an va pase razwa sou tèt cheve dedye pa li nan pòtay a tant asanble a. Li va pran cheve dedye a tèt li a, e mete li sou dife ki anba ofrann sakrifis lapè yo.
19  Lev 7:28-34 “ ‘Prèt la va pran zepòl belye a lè li fin bouyi, ak yon gato san ledven sòti nan panye a, yon galèt san ledven, e li va mete yo sou men a Nazareyen an lè l fin pase razwa a sou cheve dedye li a. 20 Konsa, prèt la va balanse yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Li sen pou prèt la, ansanm avèk pwatrin ki ofri pa balanse a e kwis ki ofri pa leve anlè a. Ekl 9:7 Apre Nazareyen an kapab bwè diven an.
21 “ ‘Sa se lalwa a Nazareyen ki fè ve ofrann li bay SENYÈ a, an akò avèk separasyon li, anplis tout lòt bagay ke li gen posibilite fè, selon ve ke li te fè a. Konsa, li va fè selon lalwa separasyon li an.’ ”
22 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 23 Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Konsa, I Kwo 23:13 nou va beni fis Israël yo. Nou va di yo:
24 SENYÈ a Det 28:3-6 beni nou e kenbe nou;
25 SENYÈ a Sòm 80:3-19 fè limyè figi li limen sou nou;
epi fè gras anvè nou;
26 SENYÈ a Sòm 4:6 fè vizaj li vin gade nou,
e Sòm 29:11bannou lapè.’
27 Se konsa yo va II Sam 7:23 rele non Mwen pou fis Israël yo, e se konsa Mwen va beni yo.

6:2 Jij 13:5

6:5 I Sam 1:11

6:6 Lev 21:1-3

6:7 Nonb 9:6

6:9 Lev 14:8-9

6:10 Lev 5:7

6:13 Trav 21:26

6:14 Lev 14:10

6:15 Egz 29:2

6:18 Nonb 6:9

6:19 Lev 7:28-34

6:20 Ekl 9:7

6:23 I Kwo 23:13

6:24 Det 28:3-6

6:25 Sòm 80:3-19

6:26 Sòm 4:6

6:26 Sòm 29:11

6:27 II Sam 7:23