13
Fis Israël yo Jij 2:11ankò te fè mal nan zye SENYÈ a; pou sa, SENYÈ a te livre yo nan men a Filisten yo pandan karant ane. Te gen yon sèten nonm nan Jos 19:41Tsorea nan fanmi Danit yo, ki te rele Manoach; madanm li te esteril e li pa t janm fè pitit. Epi Jij 6:11-14zanj SENYÈ a te parèt a fanm nan e te di li: “Gade byen, koulye a, ou esteril e ou pa janm fè pitit, men ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Konsa, fè atansyon pou pa bwè diven oswa okenn bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp. Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis; nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon Nonb 6:2-5Nazareyen pou Bondye soti nan vant; epi li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo.”
Epi fanm nan te vin pale mari li, e li te di: Jij 8:11“Yon nonm Bondye te vin kote m e aparans li te tankou aparans a yon zanj Bondye, byen mèvèye. Epi mwen pa t mande li kote li te sòti, ni li pa t di mwen non li. Men li te di mwen: ‘Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an.’ ”
Alò, Manoach te priye SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, souple kite Jij 13:3-7nonm Bondye ke Ou te voye vin kote nou an ankò pou l kapab enstwi nou kisa pou nou fè pou gason k ap vin fèt la.”
Bondye te koute vwa a Manoach, epi Jij 13:8zanj Bondye a te vini ankò vè fanm nan pandan li te chita nan chan an. Men Manoach, mari li a, pa t avè l. 10 Konsa, fanm nan te kouri vit di mari li: “Gade byen, Jij 13:9 nonm ki te vini lòt jou a te parèt devan m.”
11 Epi Manoach te leve swiv fanm li an e lè li te vin kote nonm nan, li te di li: “Èske ou se Jij 13:8 nonm Bondye ki te pale avèk fanm mwen?”
Epi li te di: “Mwen se li”.
12 Manoach te di: “Alò, lè pawòl ou yo vin akonpli, kijan de vi ak vokasyon gason sila a va genyen?”
13 Konsa, nonm Bondye a te di a Manoach: Jij 13:4 “Kite fanm nan byen okipe tout sa ke m te di li yo. 14 Li pa dwe manje anyen ki sòti nan Nonb 6:4chan rezen, ni bwè diven, ni bwason fò, ni manje okenn bagay ki pa pwòp. Kite li swiv tout sa ke m te kòmande yo.”
15 Manoach te di a Jij 13:3zanj SENYÈ a: “Souple, pèmèt nou fè ou fè yon ti reta pou nou kab prepare yon jenn kabrit pou ou.”
16 Zanj SENYÈ a te di a Manoach: “Malgre ou fè m fè reta a, Jij 6:20mwen p ap manje manje ou. Men si ou prepare yon ofrann brile, alò, ofri li bay SENYÈ a.” Paske Manoach pa t konnen ke li te yon zanj SENYÈ a.
17 Manoach te di a zanj SENYÈ a: Jen 32:29“Kòman yo rele ou, dekwa ke lè pawòl ou yo vin rive pou nou kapab onore ou?”
18 Men zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou mande m non mwen, akoz nou wè li depase konnesans?”
19 Konsa, Jij 6:20-21Manoach te pran jenn kabrit la avèk ofrann sereyal la pou te ofri li sou wòch a SENYÈ a: epi Li menm zanj SENYÈ a te fè mèvèy pandan Manoach avèk madanm li t ap gade. 20 Konsa, li te vin rive ke lè flanm nan te monte sou lotèl la vè syèl la, ke zanj SENYÈ a te monte nan flanm lotèl la. Lè Manoach avèk madanm li te wè sa, yo te Lev 9:24tonbe atè sou figi yo. 21 Alò, zanj SENYÈ a pa t vin parèt a Manoach ni madanm li ankò. Jij 13:16Konsa, Manoach te vin konnen ke se te zanj SENYÈ a ke li te ye. 22 Epi Manoach te di a madanm li: “Anverite, Jen 32:30 n ap mouri, paske nou te wè Bondye.”
23 Men madanm li te di li: “Si SENYÈ a te vle touye nou, Li pa t ap aksepte ofrann brile avèk ofrann sereyal la soti nan men nou, ni Li pa t ap Sòm 25:14montre nou tout bagay sila yo, ni Li pa t ap kite nou tande tout bagay sa yo konsa nan moman sa a.” 24 Fanm nan te bay nesans a yon fis e li te rele li Samson. I Sam 3:19Pitit la te vin gran e SENYÈ a te beni li. 25 Lespri SENYÈ a te kòmanse vire nan li nan kan Dan nan, antre Tsorea ak Eschthaol.

13:1 Jij 2:11

13:2 Jos 19:41

13:3 Jij 6:11-14

13:5 Nonb 6:2-5

13:6 Jij 8:11

13:8 Jij 13:3-7

13:9 Jij 13:8

13:10 Jij 13:9

13:11 Jij 13:8

13:13 Jij 13:4

13:14 Nonb 6:4

13:15 Jij 13:3

13:16 Jij 6:20

13:17 Jen 32:29

13:19 Jij 6:20-21

13:20 Lev 9:24

13:21 Jij 13:16

13:22 Jen 32:30

13:23 Sòm 25:14

13:24 I Sam 3:19