3
Alò, I Sam 2:11-18 Samuel te sèvi SENYÈ a devan Éli. Yon pawòl soti nan SENYÈ a te ra nan jou sa yo, e vizyon yo pa t fèt souvan. Li te rive nan lè sa a ke pandan Éli te kouche nan plas li, (alò, Jen 27:1vizyon li te kòmanse febli; li pa t kab wè byen), epi Egz 25:31-37lanp Bondye a potko etenn e Samuel te kouche nan tanp SENYÈ a kote lach Bondye a te ye a, ke SENYÈ a te rele Samuel. Li te reponn: És 6:8“Men mwen isit la!”
Alò, li te kouri vè Éli e te di: “Men mwen, paske ou te rele m.”
Men Éli te di: “Mwen pa t rele ou. Ale kouche ankò.”
Konsa, li te retounen kouche. Senyè a te rele ankò: “Samuel!”
Konsa, Samuel te leve, li te ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele m.” Men li te reponn: “Mwen pa t rele ou, fis mwen, ale kouche ankò.” Trav 19:2Alò, Samuel potko konnen SENYÈ a, ni pawòl SENYÈ a potko revele a li. Alò, SENYÈ a te rele Samuel ankò pou yon twazyèm fwa. Epi li te leve ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele mwen.”
Konsa, Éli te vin apèsi ke SENYÈ a t ap rele gason an. Epi Éli te di a Samuel: “Ale kouche e li va fèt ke si Li rele ou, ke ou va di: ‘Pale, SENYÈ a, paske sèvitè ou ap koute ou.’ ” Konsa, Samuel te ale kouche nan plas li. 10 Alò SENYÈ a te vin kanpe e Li te rele tankou lòt fwa yo: “Samuel! Samuel!” Epi Samuel te di: “Pale, paske sèvitè ou ap koute ou.”
11 SENYÈ a te di a Samuel: “Veye byen, II Wa 21:12 Mwen prèt pou fè yon bagay an Israël k ap fè zòrèy tout moun an Israël vin toudi. 12 Nan jou sa a, I Sam 2:27-36Mwen va pote kont Éli tout sa ke M te pale selon lakay li, soti nan kòmansman, jiska lafen. 13 Paske I Sam 2:29-31Mwen te di li ke Mwen prèt pou jije lakay li pou tout tan pou inikite ke li te konnen yo. Akoz fis li yo te mennen yon madichon sou pwòp tèt yo, e Det 17:12li pa t repwoche yo. 14 Pou sa, mwen te fè temwen anvè lakay Éli ke Lev 15:31inikite lakay Éli p ap padone, ni avèk ofrann, ni avèk sakrifis.”
15 Konsa, Samuel te kouche jis rive nan maten. Li te I Kwo 15:23ouvri pòt lakay SENYÈ a. Men li te krent pou pale Éli vizyon an. 16 Alò, Éli te rele Samuel e te di: “Samuel, fis mwen.”
Epi li te di: “Men mwen.”
17 Li te di: “Ki pawòl ke Li te pale ou a? Souple, pa kache l pou mwen. II Sam 3:35Ke Bondye fè l konsa a ou menm, e menm plis osi, si ou kache yon bagay a mwen nan tout pawòl ke li te pale ou yo.”
18 Konsa, Samuel te di li tout bagay. Li pa t kache anyen a li menm.
Epi li te di: Egz 34:5-7“Li se SENYÈ a; kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.”
19 Konsa, I Sam 2:21Samuel te grandi, Jen 21:22SENYÈ a te avèk li e Li pa t kite okenn nan pawòl li yo manke reyisi. 20 Tout Israël Jij 20:1soti nan Dan jis rive menm Beer-Schéba te konnen ke Samuel te konfime kòm yon pwofèt a SENYÈ a. 21 Epi Jen 12:7SENYÈ a te vin parèt ankò nan Silo, I Sam 3:10paske SENYÈ a te revele Li menm a Samuel nan Silo selon pawòl Bondye a.

3:1 I Sam 2:11-18

3:2 Jen 27:1

3:3 Egz 25:31-37

3:4 És 6:8

3:7 Trav 19:2

3:11 II Wa 21:12

3:12 I Sam 2:27-36

3:13 I Sam 2:29-31

3:13 Det 17:12

3:14 Lev 15:31

3:15 I Kwo 15:23

3:17 II Sam 3:35

3:18 Egz 34:5-7

3:19 I Sam 2:21

3:19 Jen 21:22

3:20 Jij 20:1

3:21 Jen 12:7

3:21 I Sam 3:10