4
 1 Konsa, pawòl a Samuel te rive a tout Israël.  
Alò, Israël te sòti pou rankontre Filisten yo nan batay. Yo te fè kan akote ✡I Sam 7:12Ében-Ézer pandan Filisten yo te rete Aphek.   2 Filisten yo te parèt nan ranje batay yo pou rankontre Israël. Lè batay la te gaye, Israël te vin bat devan Filisten yo ki te touye anviwon kat-mil òm sou chan batay la.   3 Lè pèp la te antre nan kan an, ansyen a Israël yo te di: ✡Jos 7:7-8“Poukisa SENYÈ a bat nou konsa jodi a devan Filisten yo? Annou pran pou nou menm lach akò a pou l soti Silo. Konsa, li kapab vini pami nou e livre nou sòti anba pouvwa lènmi nou yo.”   
 4 Epi pèp la te voye Silo e soti la, yo te pote lach akò SENYÈ dèzame a, ✡II Sam 6:2ki chita anwo cheriben yo. Epi de fis a Éli yo: Hophni avèk Phinées, te la avèk lach akò Bondye a.   5 Pandan lach akò SENYÈ a te antre nan kan an, ✡Jos 6:5-20tout Israël te kriye avèk yon gwo kri, jiskaske tè a te vin sone.   6 Lè Filisten yo te tande gwo kri sila a, yo te di: “Kisa sa vle di? Gwo kri sila a nan kan Ebre yo?” Epi yo te vin konprann ke lach SENYÈ a te antre nan kan an.   7 Filisten yo te krent, paske yo te di: “Bondye vin antre nan kan an.” Konsa, yo te di: ✡Egz 15:14“Malè a nou menm! Paske anyen parèy a sa pa t konn fèt avan.   8 Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a.   9 ✡I Kor 16:13Pran kouraj e mete gason sou nou, O Filisten yo, oswa nou va devni esklav a Ebre yo jis jan ke yo te esklav nou an. Pou sa, mete gason sou nou pou nou goumen!”   10 Konsa, Filisten yo te goumen e ✡Det 28:15-25Israël te bat. Tout mesye yo te sove ale rive nan pwòp tant yo. Masak la te byen gwo, e te vin tonbe an Israël trant-mil sòlda a pye.   11 Anplis, lach Bondye a te sezi pran; epi ✡I Sam 2:34de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te mouri.   
 12 Konsa yon mesye a Benjamin te kouri sòti nan chan batay yo pou te parèt Silo nan menm jou a avèk ✡Jos 7:6rad li chire ak pousyè sou figi li.   13 Lè li te vini, vwala, ✡I Sam 1:9Éli te chita sou chèz li akote wout la pou veye tann, akoz kè li t ap tranble pou lach SENYÈ a. Konsa, mesye a te vin pale sa nan vil la e tout vil la te kriye fò.   14 Lè Éli te tande bri kriye a, li te di: “Kisa bri kriye sa a vle di?”  
Epi mesye a te vini avèk vitès e li te pale Éli.   15 Alò, Éli te gen laj a katrevendizuit ane, ✡I Sam 3:2zye li te fikse epi li pa t kab wè.   16 Mesye a te di a Éli: “Mwen se sila ki te sòti nan chan batay la. Vrèman, mwen te chape sòti nan chan batay la jodi a.”  
Epi Éli te mande: ✡II Sam 1:4“Kijan tout bagay te mache, fis mwen?”   
 17 Konsa, sila ki te pote nouvèl la te reponn: “Israël te sove ale devan Filisten yo, e te genyen osi, yon gwo masak pami pèp la. Anplis, de fis ou yo, Hophni avèk Phinées mouri, e lach Bondye a te kaptire.”   
 18 ✡I Sam 4:13“Lè li te mansyone lach Bondye a, Éli te tonbe sou chèz li pa dèyè akote pòtay la. Kou li te kase, e li te mouri, paske li te fin granmoun e li te gra.” Konsa, li te jije Israël pandan karant ane.   
 19 Alò, bèlfi li, madanm a Phinées te ansent e prèt pou akouche. Lè li te tande nouvèl ke lach Bondye a te pran an kaptivite e ke bòpè li avèk mari li te mouri, li te bese sou jenou li e te akouche, paske doulè li te vin rive sou li.   20 Epi nan lè li t ap mouri an, fanm ki te kanpe akote li a te di li: ✡Jen 35:16-19“Pa pè, paske ou te bay nesans a yon fis.” Men li pa t reponn li ni li pa t okipe li.   21 Konsa, li te rele gason an I-Kabod, e te di: “Laglwa Israël pati!” akoz ✡I Sam 4:11lach Bondye a te pran an kaptivite e akoz bòpè li avèk mari li.   22 Li te di: “Laglwa gen tan pati soti an Israël; paske lach Bondye a te pran an kaptivite.”