5
Alò, Filisten yo te pran lach Bondye a e yo te mennen li soti Ében-Ézer pou rive Jos 13:3Asdod. Filisten yo te pran lach Bondye a, yo te mennen li Jij 16:23-30lakay Dagon e yo te poze li akote Dagon. Lè Asdodyen yo te leve granmmaten an, veye byen, És 19:1Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, yo pran Dagon e mete li nan plas li ankò. Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, Esd 6:4-6Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li. Akoz sa, ni prèt Dagon yo ni tout moun ki antre lakay Dagon nan Asdod jis rive jodi a, pa janm So 1:9 foule pye yo nan papòt Dagon an. Alò Sòm 145:20men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te fè yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni teritwa li yo.
Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: “Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an.” Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: “Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?”
Yo te reponn: “Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath.” Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive. Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton Jen 46:8-27 yo te vin pete sou yo. 10 Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron.
Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: “Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an.” 11 Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. I Sam 5:6-9Men SENYÈ a te lou kote sa a. 12 Epi Mesye ki pa t mouri yo te frape avèk gwo boul bouton yo, e Egz 12:30gwo kri lavil la te monte jis rive nan syèl la.

5:1 Jos 13:3

5:2 Jij 16:23-30

5:3 És 19:1

5:4 Esd 6:4-6

5:5 So 1:9

5:6 Sòm 145:20

5:9 Jen 46:8-27

5:11 I Sam 5:6-9

5:12 Egz 12:30