2
Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e Pwov 3:1gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
e Pwov 22:17fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò Job 3:21ki kache;
nan lè sa a, ou va dekouvri Pwov 1:7lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
Paske, I Wa 3:12SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.
Li se Sòm 84:11boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,
Ka p veye chemen lajistis yo,
e I Sam 2:9pwoteje chemen a fidèl Li yo.
Konsa, ou va dekouvri Pwov 8:20ladwati ak jistis,
e menm egalite avèk tout bon chemen yo.
10 Paske, sajès va antre nan kè ou,
e Pwov 22:18 konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.
11 Bon konprann va Pwov 4:6pwoteje ou,
konesans va veye sou ou,
12 pou Pwov 28:26pwoteje ou kont chemen mal la,
kont lòm ki pale bagay pèvès yo.
13 Kont sila ki Pwov 21:16kite chemen ladwati yo
pou mache nan chemen fènwa yo;
14 ki Pwov 10:23pran plezi nan fè sa ki mal
e rejwi nan mechanste mal la.
15 Chemen a sila ki vin Sòm 125:5kwochi yo
e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.
16 Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a,
soti nan men Pwov 23:27fanm adiltè ki flate ak pawòl li;
17 ki kite Mat 2:14-15konpanyen jenès li a,
e ki bliye akò a Bondye li;
18 paske lakay li mennen a lanmò
e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.
19 Pèsòn Ekl 7:26ki ale kote li menm, pa retounen ankò,
ni yo pa jwenn pa lavi.
20 Akoz sa a, ou va Eb 6:12mache nan chemen a sila ki bon yo,
e swiv tras a moun ladwati yo.
21 Paske moun dwat yo va viv nan peyi a,
e Pwov 28:10 sila ki san tò yo va rete ladann;
22 men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a,
e moun trèt yo va Det 28:63 dechouke de li.

2:1 Pwov 3:1

2:2 Pwov 22:17

2:4 Job 3:21

2:5 Pwov 1:7

2:6 I Wa 3:12

2:7 Sòm 84:11

2:8 I Sam 2:9

2:9 Pwov 8:20

2:10 Pwov 22:18

2:11 Pwov 4:6

2:12 Pwov 28:26

2:13 Pwov 21:16

2:14 Pwov 10:23

2:15 Sòm 125:5

2:16 Pwov 23:27

2:17 Mat 2:14-15

2:19 Ekl 7:26

2:20 Eb 6:12

2:21 Pwov 28:10

2:22 Det 28:63