125
Yon chan pou monte vè tanp lan.
Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion,
ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.
Kon mòn antoure Jérusalem yo,
se konsa Za 2:5SENYÈ a antoure pèp Li a
depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.
Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo,
jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal.
Fè byen, SENYÈ, a sila ki bon yo, ak sila ki Sòm 7:10dwat nan kè yo.
Men pou sila ki vire akote pou Pwov 2:15chemen kwochi pa yo,
SENYÈ a va mennen yo sòti avèk
sila ki fè inikite yo.
Ke lapè rete sou Israël.

125:2 Za 2:5

125:4 Sòm 7:10

125:5 Pwov 2:15