2
Konsa, Mwen te leve zye m gade e vwala, te gen yon nonm ak yon Jr 31:39 lign mezi nan men l. Konsa mwen te di: “Ki kote ou prale la a?”
Li te di mwen: “Pou mezire Jérusalem, pou wè ki lajè li genyen ak longè li.” Jr 31:39
Epi vwala Za 1:9 zanj ki t ap pale avèk mwen an te sòti, e yon lòt zanj te vin parèt pou rankontre avè l. Li te di li: “Kouri pale ak jennonm sa a pou di l: Za 1:17‘Jérusalem va vin plen moun tankou vilaj ki Éz 38:11 san miray, akoz kantite moun ak bèt k ap rete ladann. Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon És 4:5 miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.
“ ‘Vini! Vini! Jr 3:18 Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a. ‘Vini Sion! És 48:20 Kouri chape poul nou, nou ki rete ak fi a Babylone nan.’ Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè És 60:7-9 glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li. Paske, gade byen, Mwen va És 19:16souke men M sou yo, e yo va vin És 14:2 piyaj pou sila ki te sèvi yo. Epi konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen. 10 Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va Za 2:5 rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a. 11  Mi 4:2 Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou. 12 SENYÈ a va Det 32:9posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va II Kwo 6:6 chwazi Jérusalem ankò. 13  Hab 2:20 Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”

2:1 Jr 31:39

2:2 Jr 31:39

2:3 Za 1:9

2:4 Za 1:17

2:4 Éz 38:11

2:5 És 4:5

2:6 Jr 3:18

2:7 És 48:20

2:8 És 60:7-9

2:9 És 19:16

2:9 És 14:2

2:10 Za 2:5

2:11 Mi 4:2

2:12 Det 32:9

2:12 II Kwo 6:6

2:13 Hab 2:20