3
1 Epi li te montre mwen ✡ Esd 5:2Josué, wo prèt ki te kanpe devan zanj SENYÈ a ak ✡ I Kwo 21:1 Satan ki te kanpe sou men dwat li pou akize li. 2 SENYÈ a te di a Satan: ✡ Am 4:11 “SENYÈ a repwoche ou, Satan! Anverite, SENYÈ ki te chwazi Jérusalem nan va repwoche ou! Èske sa se pa yon bout bwa cho ki retire soti nan dife?”
3 Alò, Josué te abiye ak ✡ Esd 9:15 rad sal e te kanpe devan zanj lan. 4 Li te pale e te di a sila ki te kanpe devan l yo: ✡ És 43:25“Retire rad sal yo sou li.” E li te di, “Gade byen, Mwen te ✡ Mi 7:18,19 retire inikite sou ou e Mwen va abiye ou ak vètman byen chè.”
5 Mwen te di: “Kite yo mete yon ✡ Job 29:14tiban pwòp sou tèt li.”
Konsa, yo te mete yon tiban pwòp sou tèt li e yo te abiye li. Zanj SENYÈ a te kanpe sou kote.
6 Zanj SENYÈ a te avèti Josué e te di: 7 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va ✡ I Wa 3:14 mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an, ou va osi gadyen tanp Mwen an e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo. 8 Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo——anverite, yo se moun ki va sèvi kon sign; paske gade byen, Mwen va fè antre sèvitè Mwen an ✡ És 11:1 Scion an. 9 Paske gade byen, wòch ke Mwen te plase devan Josué a; sou yon sèl wòch, gen sèt zye. Gade byen, men mo a Mwen va fè grave sou li,’ deklare SENYÈ dèzame yo. ‘Epi Mwen va ✡ Jr 31:34 retire inikite a peyi sa a nan yon sèl jou. 10 Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: ‘chak moun va envite vwazen li pou vin chita anba ✡ I Wa 4:25 pye rezen an ak anba pye fig pa li.’ ”