4
Epi Za 1:9zanj ki t ap pale avè m nan te retounen e te I Wa 19:5-7 Leve m tankou yon nonm ke yo te leve soti nan dòmi. Li te di m: “Kisa ou wè?”
Epi mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò avèk bòl li sou tèt li ak sèt lanp li yo; gen sèt bobèch pou chak lanp ki te sou li yo; Egz 25:31,37; Rev 4:5 Anplis, te gen Za 4:11 de bwa doliv yo sou kote li, youn sou kote dwat bòl la e lòt la sou kote goch la.”
Epi mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan e te di: “Kisa sa yo ye Za 1:9 mèt mwen?”
Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te reponn e te di m: “Èske ou pa konnen kisa sa yo ye?”
Epi mwen te di: “Non, mèt mwen.” Za 1:9
Epi li te di m: “Sa se pawòl SENYÈ a Zorobabel la ki di: És 11:2-4‘Se pa pa lafòs, ni pa pwisans, men pa II Kwo 32:7-8Lespri Mwen,’ pale SENYÈ dèzame yo. ‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen plèn; epi li va fè vin parèt wòch prensipal la ak gwo kri k ap di: “Gras, gras pou li!” ’ ”
Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: “Men a Zorobabel te poze fondasyon kay sa a e men li va fin fè l. Epi ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen kote ou. 10 Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè nivo a nan men Zorobabel——sa yo se II Kwo 16:9zye a SENYÈ a k ap Za 1:10 veye toupatou sou tout tè a.”
11 Mwen te di li: “Se kisa Za 4:3 de bwa doliv sila yo ki sou kote dwat ak sou kote goch a chandelye yo ye?”
12 Mwen te reponn yon dezyèm fwa e te di li: “Se kisa de branch doliv sila yo ki sou kote de tiyo an lò k ap vide lwil an lò k ap soti nan yo a?”
13 Li te reponn mwen e te di: “Èske ou pa konnen kisa yo ye?” Mwen te di: “Non mèt mwen.” 14 Li te di: “Sa yo se de Egz 29:7 onksyone yo ki kanpe akote Mèt a tout tè a.”

4:1 Za 1:9

4:1 I Wa 19:5-7

4:2 Egz 25:31,37; Rev 4:5

4:3 Za 4:11

4:4 Za 1:9

4:5 Za 1:9

4:6 És 11:2-4

4:6 II Kwo 32:7-8

4:10 II Kwo 16:9

4:10 Za 1:10

4:11 Za 4:3

4:14 Egz 29:7