5
1 Answit, mwen te leve zye m ankò, mwen te gade e mwen te wè, yon woulo ki t ap vole anlè. ✡ Jr 36:2 2 Epi li te di mwen: ✡ Za 4:2“Kisa ou wè la a?”
Mwen te reponn: “Mwen wè yon woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude e lajè li se dis koude.”
3 Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a; anverite, tout moun ki ✡ Egz 20:15vòlè va vin koupe retire selon nan yon bò selon li; epi tout moun ki ✡ Lev 19:12 fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li. 4 Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va ✡ Os 4:2,3antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman non Mwen an; epi li va rete nèt nan mitan kay li a, li va ✡ Lev 14:34,35 manje l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”
5 Epi ✡ Za 1:9 zanj ki t ap pale avè m nan te sòti deyò e te di mwen: “Koulye a leve zye ou pou wè sa k ap vin parèt la.”
6 Mwen te di: “Kisa li ye?”
Li te di: “Sa se panyen an k ap vin parèt la.” Li te di ankò: “Sa se inikite ki nan tout peyi a.✡ Lev 19:36 7 (Epi vwala, yon kouvèti an plon te vin leve); epi sa se yon fanm ki chita nan mitan panyen an”.✡ Os 12:7 8 Epi li te di: “Sa se ✡ Os 12:7 Mechanste!” Epi li te pouse li antre nan panyen an e li te voye mas plon an sou ouvèti a.
9 Mwen te leve zye m, mwen te gade e mwen te wè, te gen de fanm ki t ap sòti parèt ak van nan zèl yo; epi yo te gen zèl tankou zèl a ✡ Lev 11:13 sigòy; epi yo te leve panyen an antre tè a ak syèl la. 10 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Se ki kote yo prale ak panyen an la a?”
11 Li te di mwen: “Pou bati yon tanp pou li nan peyi Schinear; epi lè l fin prepare, li va pozisyone la sou pwòp baz li.”