4
Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,
paske SENYÈ a gen yon polemik kont pèp peyi a,
Paske nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a. Os 12:2; És 59:4
Gen sèman ak madichon, vyole konfyans,
asasine moun, vòlè, fè adiltè;
Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san
e kontinye vèse san. Jen 4:8; Det 5:18
Akoz sa, peyi a És 24:4 fè dèy e tout moun ki rete ladann Ap plenyen e nan tristès avèk bèt chan yo ak zwazo syèl yo; Epi pwason lanmè yo vin disparèt.
 
Malgre sa, pa kite okenn moun vin gen tò,
ni okenn moun vin repwoche;
Paske pèp nou an se tankou sila
ki Det 14:3,7 fè kont ak prèt yo.
Konsa, nou va Éz 14:3glise tonbe nan lajounen
e menm pwofèt la va glise tonbe avèk nou
nan lannwit;
Epi Mwen va detwi manman nou.
Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans.
Akoz ou te rejte konesans;
Mwen menm tou, Mwen va rejte ou
kon prèt Mwen.
Akoz ou te bliye lalwa Bondye nou an,
Mwen menm tou, Mwen ap bliye pitit nou yo.
Plis ke yo te miltipliye,
plis ke yo te peche kont mwen;
Mwen va Hab 2:16 fè glwa yo vin chanje an wont.
Yo manje sou manje a pèp Mwen an,
e yo És 56:11 dirije volonte yo vè inikite yo.
Se konsa sa va ye: jan pèp la ye a,
se konsa prèt la ye;
Akoz sa, Mwen va pini yo pou chemen yo;
E Mwen va rekonpanse yo pou zak yo. Os 8:13
10 Yo va manje, men yo p ap gen ase;
yo va Os 7:4 fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante;
akoz yo Os 9:1 sispann prete atansyon a SENYÈ a.
11 Lavi pwostitisyon, Pwov 20:1diven ak diven nèf
retire bon konprann.
12 Pèp mwen an És 44:19 mande konsèy a zidòl
ki fèt an bwa yo,
e se baton divinò a ki enfòme yo;
Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo;
yo te fè pwostitisyon e yo te kite Bondye yo a.
13 Yo ofri sakrifis sou Jr 3:6 tèt mòn yo
e yo brile lansan sou kolin yo És 1:29anba pye
bwadchèn yo, pye sikrèn ak pye mapou yo,
akoz lonbraj yo dous.
Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon e madanm nou yo
fè adiltè.
14 Mwen p ap pini fi nou yo lè yo fè pwostitisyon,
ni madanm nou yo lè yo fè adiltè.
Paske, mesye yo, yo menm, ale sou kote
ak Det 23:17pwostitiye yo e fè sakrifis yo ak
pwostitiye tanp yo.
Konsa, pèp san konprann nan vin detwi nèt.
 
15 Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an,
Men ou pa kite Juda vin koupab;
ni pa monte vè Guilgal, ni monte nan Beth-Aven
pou Jr 5:2 sèmante: “Jan Bondye vivan an!”
16 Paske Israël fè tèt li di, tankou yon gazèl.
Èske SENYÈ a, koulye a, kapab nouri yo
tankou jenn mouton nan yon gwo chan? És 5:17
17 Éphraïm vin jwenn ak Os 13:2zidòl yo;
Kite li pou kont li.
18 Bwason yo vin gen gou si,
Yo jwe pwostitiye tout tan;
chèf yo vrèman renmen wont yo. Mi 3:11
19  Os 12:1Van an te vlope yo nan zèl li yo;
Yo va wont akoz sakrifis yo.

4:1 Os 12:2; És 59:4

4:2 Jen 4:8; Det 5:18

4:3 És 24:4

4:4 Det 14:3,7

4:5 Éz 14:3

4:7 Hab 2:16

4:8 És 56:11

4:9 Os 8:13

4:10 Os 7:4

4:10 Os 9:1

4:11 Pwov 20:1

4:12 És 44:19

4:13 Jr 3:6

4:13 És 1:29

4:14 Det 23:17

4:15 Jr 5:2

4:16 És 5:17

4:17 Os 13:2

4:18 Mi 3:11

4:19 Os 12:1