9
1 ✡ És 22:12,13 Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo!
Paske ou te ✡ Os 4:12fè pwostitisyon
e ou te abandone Bondye ou a.
Ou te renmen salè kòb ki konn ranmase
sou nenpòt glasi vannen.
2 Glasi vannen a ak pèz diven an ✡ Os 2:9p ap nouri yo
e diven nèf la va fè yo vin desi.
3 Yo p ap rete nan peyi SENYÈ a,
men Éphraïm va retounen an ✡ Os 7:16Égypte
e yo va manje ✡ Éz 4:13 sa ki pa pwòp an Assyrie.
4 Yo p ap vide ofrann bwason a diven a SENYÈ a,
Ni yo p ap fè L plezi.
Sakrifis yo va tankou pen moun ki fè dèy pou mò;
Epi tout moun ki manje ladan va vin souye,
paske pen pa yo va pou yo sèl; li p ap antre lakay SENYÈ a.✡ Jr 6:20; Ag 2:13,14
5 ✡ És 10:3Kisa ou va fè nan jou fèt chwazi a
e nan jou a fèt SENYÈ a?
6 Paske, gade byen, lè yo pran flit devan destriksyon;
Égypte va ranmase yo.
Moph va antere yo.
Se machacha k ap vin pran trezò ajan yo;
Tant yo va gen pikan ladann.
7 Jou ✡ És 10:3 pinisyon yo gen tan rive;
jou pou ✡ És 34:8rekonpans yo gen tan rive;
Israël dwe konnen sa! Pwofèt la se yon moun fou,
Moun ki gen gwo limyè a
vin plen ak foli akoz inikite ou yo tèlman
vin anpil
e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran.
8 Éphraïm te yon gadyen avèk Bondye mwen an.
Menm jan pou pwofèt la;
yon pèlen moun k ap kaptire zwazo nan tout chemen li yo
e se sèl mepriz li twouve lakay Bondye li a.
9 Yo antre tèt yo byen ✡ És 31:6fon nan koripsyon
tankou nan jou a Guibea yo;
Li va sonje ✡ Os 7:2 inikite yo; Li va pini peche yo.
10 Mwen te twouve Israël tankou ✡ Mi 7:1 rezen yo nan dezè;
Mwen te wè papa zansèt nou yo
tankou ✡ Jr 24:2premye fwi sou pye fig nan premye sezon li.
Men yo te rive kote Baal-Peor;
yo te konsakre tèt yo a gwo wont,
e yo te vin abominab menm ak sila
ki te renmen yo.
11 Pou Éphraïm ✡ Os 4:7glwa yo va vole ale kon zwazo;
p ap gen ni nesans, ni ansent, ni fòmasyon.
12 Malgre yo leve pwòp pitit yo,
Mwen va Prive yo de yo
jiskaske pa gen yon moun ki rete.
Wi, anverite ✡ Det 31:17 malè a yo menm, lè Mwen kite yo!
13 Mwen wè Éphraïm, jan Mwen te wè Tyr la,
plante nan yon bèl chan;
Men Éphraïm va fè parèt ak pitit li yo pou gran masak la.✡ Éz 26:1-21
14 Bay yo, O! SENYÈ——kisa Ou va bay yo?
Bay yo yon ti vant foskouch ✡ Os 9:11 ak tete sèch.
15 Tout mechanste yo te parèt Guilgal;
Anverite se la Mwen te vin rayi yo!
Akoz ✡ Os 4:9mechanste a zak yo, Mwen va chase yo
sòti lakay Mwen.
Mwen p ap renmen yo ankò;
tout prens yo se ✡ És 1:23 rebèl.
16 Éphraïm vin frape, rasin yo vin sèch;
Yo p ap bay fwi.
Menm si yo ki fè pitit,
Mwen va touye ✡ Os 8:7; Éz 24:21 fwi byeneme a vant yo a.
17 Bondye mwen an va jete yo deyò
akoz yo ✡ Os 4:10pa t koute Li;
Epi yo va ✡ Os 7:13 vin vagabon pami nasyon yo.