2
“Di a frè ou a ‘Pèp mwen yo’!
Epi a sè ou yo, ‘Byen ame mwen an!’.
Plede ak manman ou!
Plede paske li pa madanm mwen;
ni mwen pa mari li;
e kite li retire pwostitisyon li yo devan figi li
ak adiltè li yo soti antre tete li;
Sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt
toutouni menm jan ak Éz 16:4jou li te fèt la,
epi És 32:13,14 fè l vin tankou yon peyi dezè
e touye li ak swaf.
Anplis, Mwen p ap fè mizerikòd sou pitit li yo
akoz yo se Jr 13:14 pitit a pwostitiye.
Paske manman yo te fè pwostitisyon.
Li te aji san wont, paske li te di:
‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo,
Ki ban m pen ak dlo mwen, lèn ak len mwen, lwil ak
bwason mwen.’
Akoz sa, Mwen va fè monte yon kloti pikan
e Mwen va bati yon mi kont li
pou l pa ka twouve ti wout li yo.
Li va kouri dèyè moun ki renmen li yo,
men li p ap ka rive sou yo,
Epi li va chache yo, men li p ap jwenn yo.
Konsa li va di: ‘M ap prale retounen kote premye
mari Mwen an, paske lè sa a te pi bon
pou mwen pase koulye a.’
Paske li És 1:3 pa t konnen ke se te Éz 16:19Mwen
ki te bay li sereyal la, diven nèf ak lwil la
e ki te bay li anpil lò ak ajan
ke yo te fè sèvi pou Baal yo.
Akoz sa, Mwen va Os 8:7reprann sereyal Mwen an
nan lè rekòlt la ak diven Mwen an nan sezon li an.
Mwen va, anplis, retire lèn Mwen an
ak len Ki te pou kouvri pou li pa t toutouni an.
10 Epi Mwen va Éz 16:37dekouvri wont li devan zye
a tout moun ki renmen li yo,
e pèsòn p ap delivre li soti nan men Mwen.
11 Anplis, Mwen va Jr 7:34 mete fen a tout kè kontan l;
Os 3:4Fèt li yo, nouvèl lin li yo, Saba ak tout Gwo
rasanbleman fèt li yo.
12 Mwen va detwi pye rezen li yo
ansanm ak pye fig fwi etranje yo
selon sila li te di:
‘Sa yo se salè mwen, ke moun ki renmen m yo
te ban mwen.’
Epi Mwen va És 5:5fè yo tounen yon rakbwa
e bèt chan va devore yo.
13 Mwen va pini li pou jou Baal yo,
lè yo te konn Jr 7:9ofri sakrifis a yo menm yo,
epi byen abiye tèt li ak zanno ak bijou yo
e swiv moun ki renmen li yo pou
Os 4:6 bliye Mwen” Deklare SENYÈ a.
14 Pou sa, gade byen, Mwen va atire li
Éz 20:33-38 mennen li antre nan dezè a pou pale dous avèk li.
15 Epi soti la, Mwen va bay li Jos 7:26chan rezen yo, Ak Vale Akò a kon yon pòt espwa.
Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo,
Tankou nan jou lè l te vin monte soti nan peyi Égypte la.
16 Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ a,
“ke ou va rele Mwen: És 54:5 ‘Mari mwen’
e ou p ap rele M ankò: ‘Met mwen’.
17 Paske Egz 23:13Mwen va retire non a Baal yo
soti nan bouch li,
Pou yo pa nonmen pa non yo ankò.
18 Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò
pou yo ak Job 5:23 bèt chan yo,
zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo.
Mwen va És 2:4aboli banza, nepe ak lagè
soti nan tout peyi a
e Mwen va fè yo kouche ansekirite
19 Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan;
Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis,
nan lanmou dous ak konpasyon És 1:27
20 Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite.
Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a. Jr 31:33,34
21 “Li va vin rive nan jou sa a ke És 55:10a Mwen va reponn”,
deklare SENYÈ a.
“Mwen va reponn a syèl yo
e yo va reponn a tè a
22 Epi Jr 31:12Latè va reponn a sereyal la,
diven nèf ak lwil la;
Epi yo va reponn a Jizreel.
23 Mwen va simen pou li fi a, a Mwen menm nan tè a.
Anplis, Mwen va genyen mizerikòd pou li,
fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la;
Epi Wo 9:25Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an:
‘Ou se pèp Mwen an!’
Epi yo va reponn: ‘Ou se Bondye mwen!’ ”

2:3 Éz 16:4

2:3 És 32:13,14

2:4 Jr 13:14

2:8 És 1:3

2:8 Éz 16:19

2:9 Os 8:7

2:10 Éz 16:37

2:11 Jr 7:34

2:11 Os 3:4

2:12 És 5:5

2:13 Jr 7:9

2:13 Os 4:6

2:14 Éz 20:33-38

2:15 Jos 7:26

2:16 És 54:5

2:17 Egz 23:13

2:18 Job 5:23

2:18 És 2:4

2:19 És 1:27

2:20 Jr 31:33,34

2:21 És 55:10

2:22 Jr 31:12

2:23 Wo 9:25