3
Alò, SENYÈ a te di mwen: “Ale ankò, renmen ak yon fanm ki renmen pa yon lòt, malgre se yon fanm adiltè, menm jan Jr 3:20 ke SENYÈ a renmen fis Israël yo, poutan, yo vire vè lòt dye yo, e yo renmen gato rezen yo.”
Konsa, mwen te Rt 4:10 achte fanm nan pou yon sòm a kenz pyès ajan ak yon omè edmi lòj. Mwen te di li: “Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap fè pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm.” Det 21:13
Paske, fis Israël yo va Os 10:3rete pandan anpil jou san wa ni prens, san Dan 9:27 sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo. Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak Jr 30:9 David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.

3:1 Jr 3:20

3:2 Rt 4:10

3:3 Det 21:13

3:4 Os 10:3

3:4 Dan 9:27

3:5 Jr 30:9