3
Bondye di: Det 24:1-4“Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.
“Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te Jr 2:7pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou. Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn Lev 26:19pwostitiye; ou te refize vin wont. Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’?
Sòm 103:9 “ ‘Èske Li va fache jis pou tout tan? Èske Li va ensanse ak kòlè jiska lafen?’ Gade byen, ou te pale, ou te fè bagay ki mal e ou te fè pwòp volonte ou.”
Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te Jr 17:2monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye. II Wa 17:13Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l. Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men Éz 16:46-47sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou. Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak És 57:6wòch ak pyebwa. 10 Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak Jr 12:2desepsyon”, deklare SENYÈ a.
11 Konsa, SENYÈ a te di m: “Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda. 12 Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: Jr 3:14-22 ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan. 13 Sèlman Det 30:1-3rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’ ” deklare SENYÈ a. 14 “Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen se yon Jr 31:32mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion.” 15 “Konsa, Mwen va bannou bèje selon pwòp kè Mwen, ki va Trav 20:28fè nou manje sou konesans ak bon konprann. 16 Li va vin rive nan jou sa yo ke lè nou vin ogmante, e vin anpil nan peyi a”, deklare SENYÈ a, “yo És 65:17p ap di mo ankò: ‘Lach akò SENYÈ a’. Ni sa p ap vini nan tèt yo. Yo p ap sonje li, yo p ap remake pèt li, ni li p ap refèt ankò. 17 Nan lè sa a, yo va rele Jérusalem: Jr 17:12 ‘Twòn SENYÈ a’ e tout nasyon yo va rasanble vè li; vè Jérusalem, vè non SENYÈ a. Ni yo p ap ankò mache ak tèt di ak kè mechan yo. 18 Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan Am 9:15peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la.”
19 “Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki Sòm 16:6pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’ ”
20 “Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te És 48:8fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a. 21 Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te És 17:10bliye SENYÈ a, Bondye yo. 22 “Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou.”
“Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an. 23 Anverite, soutyèn Jr 17:2kolin yo se yon desepsyon, yon zen sou mòn yo. Anverite, SENYÈ a, Bondye nou an, se sali Israël. 24 Men Os 9:10afè wont sa a te manje fòs zèv zansèt nou yo depi nan jenès nou. Li te manje bann mouton yo ak twoupo yo, fis ak fi yo. 25 Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvre nou. Paske nou te peche kontre Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.

3:1 Det 24:1-4

3:2 Jr 2:7

3:3 Lev 26:19

3:5 Sòm 103:9

3:6 Jr 17:2

3:7 II Wa 17:13

3:8 Éz 16:46-47

3:9 És 57:6

3:10 Jr 12:2

3:12 Jr 3:14-22

3:13 Det 30:1-3

3:14 Jr 31:32

3:15 Trav 20:28

3:16 És 65:17

3:17 Jr 17:12

3:18 Am 9:15

3:19 Sòm 16:6

3:20 És 48:8

3:21 És 17:10

3:23 Jr 17:2

3:24 Os 9:10