13
Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale Jr 13:11achte pou kont ou yon senti an twal len. Mete l nan senti ou, men pa mete li nan dlo.”
Konsa mwen te achte senti a selon És 20:2pawòl SENYÈ a, e te mete l nan senti mwen.
Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa a, epi te di: “Pran senti ke ou te achte a, ki antoure senti ou a, leve ale nan Jr 51:63Rivyè Euphrate la, e kache li la nan yon twou wòch.”
Konsa, mwen te ale kache li akote Rivyè Euphrate la, Egz 39:42-43jan SENYÈ a te kòmande mwen an.
Apre anpil jou, SENYÈ a te di m: “Leve ale nan Rivyè Euphrate la e leve pran senti ke M te kòmande ou sere la a.”
Epi mwen te ale nan Rivyè Euphrate la, mwen te fouye e mwen te pran senti a sòti nan plas kote mwen te sere li. Konsa, gade byen, senti a te gate. Li te vin san valè.
Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Se konsa Mwen va detwi Lev 26:19ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan. 10 Pèp mechan sila a, ki refize koute pawòl Mwen yo, ki mache nan kou tèt di a kè yo e te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo, e pou pwostène devan yo, kite yo vin tankou senti sa a, san okenn valè nèt. 11 Paske jan senti a kwoke nan senti a yon nonm nan, se konsa Mwen te fè tout lakay Israël Egz 19:5-6kwoke sou Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou yo ta kapab pou Mwen, yon pèp, de rekonesans, pou lwanj e pou glwa; men yo pa t koute.’
12 “Pou sa, ou gen pou pale pawòl sa a yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Fòk tout veso yo plen ak diven.” ’ Epi lè yo di ou: ‘Èske nou pa konnen ke tout veso oblije plen ak diven?’ 13 Alò, pale yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou plen tout sila ki rete nan peyi sa yo—wa k ap chita pou David sou twòn li an, prèt yo, pwofèt yo ak tout moun nan peyi Jérusalem yo—ak koze Sòm 60:3vin sou nèt la! 14 Mwen va kraze yo, youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm”, deklare SENYÈ a. “Mwen p ap gen Det 29:20pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.” ’ ”
15 Koute e prete atansyon ak sa.
Pa fè Pwov 16:5ògèy, paske SENYÈ a fin pale.
16 Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote És 5:30fènwa,
avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo;
pou pandan nou ap tann limyè,
Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a
pou l rive nan tenèb ki san espwa.
17 Men Mal 2:2si ou pa koute sa a,
nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a.
Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo,
akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.
18 Di a II Wa 24:12wa a ak manman rèn nan:
“Pran yon chèz ki ba,
paske bèl kouwòn ou an,
kouwòn de glwa a menm,
fin tonbe kite tèt ou.”
19  Jr 32:44Vil negev yo te fèmen ak kle,
e nanpwen moun ki pou louvri yo.
Tout Juda fin antre an egzil, antre an egzil nèt.
20 Leve zye ou pou wè, Jr 1:15men sila k ap vini soti nan nò yo.
Kote bann mouton ki te bay a ou menm nan, bèl mouton ou yo?
21 Kisa ou va di lè Li chwazi yo chèf sou nou—
konsi, se nou menm ki te enstwi yo—
ansyen Jr 2:25zanmi nou yo vin chèf sou nou?
Èske gwo doulè p ap sezi ou tankou yon fanm nan akouchman?
22 “Si ou di nan kè ou, Jr 5:19poukisa bagay sa te rive mwen?”
Akoz grandè a inikite ou, jip ou yo te vin retire
e talon ou yo te vin ekspoze.
23  Pwov 27:22Èske Etyopyen an ka chanje koulè po li,
oswa leyopa a takte li yo?
Sèl Konsa nou menm tou, ak abitid fè mal,
ta ka chanje 1 pou vin fè byen.
 
24 Akoz sa, Mwen va Lev 26:33gaye yo kon pay nan van, nan van dezè a.
25 “Sa se Job 20:29tiraj osò pa nou,
pòsyon ke nou resevwa sòti nan Mwen an”, deklare SENYÈ a,
“akoz nou te bliye Mwen
e te mete konfyans nan sa ki fo.
26 Akoz sa, Mwen menm va Lam 1:8retire jip ou anwo figi ou,
pou wont ou kapab vin vizib.
27 Mwen te wè abominasyon nou yo, ak Jr 5:7-8adiltè ou yo
e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo,
sou kolin ak nan chan yo.
Malè a ou menm, O Jérusalem!
Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?”
Pou konbyen de tan sa va dire?

13:1 Jr 13:11

13:2 És 20:2

13:4 Jr 51:63

13:5 Egz 39:42-43

13:9 Lev 26:19

13:11 Egz 19:5-6

13:13 Sòm 60:3

13:14 Det 29:20

13:15 Pwov 16:5

13:16 És 5:30

13:17 Mal 2:2

13:18 II Wa 24:12

13:19 Jr 32:44

13:20 Jr 1:15

13:21 Jr 2:25

13:22 Jr 5:19

13:23 Pwov 27:22

13:24 Lev 26:33

13:25 Job 20:29

13:26 Lam 1:8

13:27 Jr 5:7-8