27
Pa vin ògeye sou bagay demen,
paske ou Luc 12:19-20 pa konnen kisa yon jou ka pote.
Kite Pwov 25:27yon lòt moun ba ou lwanj,
e pa fè ak pwòp bouch ou.
Kite l fèt pa yon ou pa konnen,
e pa de pwòp lèv ou.
Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa;
men moun ensanse k ap anmède a
pi lou pase yo tou de.
Fachez rèd fè move.
Kòlè se yon inondasyon.
Men se Pwov 6:34kilès ki ka kanpe devan jalouzi.
Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.
Fidèl se blese a yon zanmi;
men twonpri se Mat 26:49bo a yon ènmi.
Moun vant plen rayi siwo myèl;
men pou sila ki grangou,
nenpòt bagay anmè vin dous.
Tankou yon Pwov 26:2zwazo ki egare nich li,
se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.
Sòm 23:5Lwil ak pafen fè kè kontan;
se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.
10 Pa abandone pwòp zanmi ou, ni I Wa 12:6-8zanmi a papa ou.
Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou.
Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.
11  Pwov 10:1Sèvi ak sajès, fis mwen,
e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.
12 Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l;
men sila ki fou a avanse pou peye pri a.
13 Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni,
e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a.
14 Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an,
sa va rekonèt kon madichon pou li.
15  Pwov 19:13Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli
avèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan:
16 Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van,
oswa sezi lwil ak men dwat li.
 
17 Se fè ki file fè;
se konsa yon nonm file zanmi l.
18 Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li,
e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè.
19 Tankou nan dlo, figi reflete figi,
konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l.
20  Job 26:6Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè;
ni zye a lòm pa janm satisfè.
21 Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò;
konsa, yon nom rafine pa lwanj ke l resevwa.
22 Malgre ou ta Pwov 23:35foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud,
tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.
 
23  Jr 31:10Konnen byen kondisyon a bann ou yo,
e okipe twoupo ou yo;
24 paske richès pa la pou tout tan,
ni yon Job 19:9kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.
25 Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse,
e zèb mòn yo És 17:5fin ranmase.
26 Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou,
e kabrit yo va mennen pri a yon chan.
27 Lèt kabrit ap kont pou manje ou,
pou manje tout lakay ou,
ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.

27:1 Luc 12:19-20

27:2 Pwov 25:27

27:4 Pwov 6:34

27:6 Mat 26:49

27:8 Pwov 26:2

27:9 Sòm 23:5

27:10 I Wa 12:6-8

27:11 Pwov 10:1

27:15 Pwov 19:13

27:20 Job 26:6

27:22 Pwov 23:35

27:23 Jr 31:10

27:24 Job 19:9

27:25 És 17:5