10
Pwovèb a Salomon yo.
Yon fis ki saj fè papa li kontan,
men yon fis ki plen ak foli
se yon gwo doulè pou manman l.
Sòm 49:7Richès ranmase pa mechanste pa reyisi,
men ladwati delivre soti nan lanmò.
SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou,
men l ap rejte lanvi mechan an.
Malere se sila ki travay ak men lach;
men lamen moun dilijan an, anrichi.
Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an a,
se yon fis ki aji ak sajès;
men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,
fè gwo wont.
Benediksyon se sou tèt a moun dwat la;
men Pwov 10:11bouch mechan an kache vyolans.
Memwa a moun dwat la beni;
men Sòm 9:5 non mechan an vin pouri.
Pwov 9:8Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la;
men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.
Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite;
men sila Pwov 26:6 ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.
10 Sila Sòm 35:19ki bat zye a, koze pwoblèm,
e moun fou a ki pale anpil, fè dega.
11  Sòm 37:30Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi,
men bouch a mechan an kache vyolans.
12 Rayisman pwovoke konfli;
men lanmou kouvri tout fot.
13 Sou Pwov 10:31lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès;
men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
14 Moun saj yo ranmase konesans;
men ak Pwov 10:8-10 bouch moun fou a, destriksyon an toupre.
15 Byen a moun rich se yon sitadèl pou li.
Pwov 19:7 Sa ki detwi malere a se mizè.
16  Pwov 11:18-19Salè a moun dwat se lavi;
revni a mechan an se pinisyon.
17 Sila ki swiv enstriksyon an, Pwov 6:23sou wout lavi;
men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.
18 Sila Pwov 26:24ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;
e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;
men Pwov 17:27sila ki frennen lèv li gen sajès.
20 Lang a moun dwat yo se tankou Pwov 8:19ajan pi chwazi a;
men kè a mechan an vo piti.
21  Pwov 10:11Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje;
men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.
22 Benediksyon SENYÈ a fè moun rich;
konsa li pa mele ak chagren.
23 Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan;
e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.
24 Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li;
men Sòm 145:19sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.
25 Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt;
men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.
26 Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye;
se konsa Pwov 26:6parese a ye pou sila ki voye li yo.
27  Pwov 3:2Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi;
men lane mechan yo va kout.
28 Lespwa a moun dwat la se kè kontan;
men Job 8:13 entansyon mechan an va peri.
29 Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo;
men Pwov 21:15 destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
30 Moun ladwati a p ap janm souke;
men Pwov 2:22mechan yo p ap demere nan peyi a.
31  Sòm 37:30Bouch a moun dwat la koule ak sajès;
men lang pèvès la vin koupe.
32 Lèv a moun dwat yo fè parèt Ekl 12:10sa ki bon;
men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.

10:2 Sòm 49:7

10:6 Pwov 10:11

10:7 Sòm 9:5

10:8 Pwov 9:8

10:9 Pwov 26:6

10:10 Sòm 35:19

10:11 Sòm 37:30

10:13 Pwov 10:31

10:14 Pwov 10:8-10

10:15 Pwov 19:7

10:16 Pwov 11:18-19

10:17 Pwov 6:23

10:18 Pwov 26:24

10:19 Pwov 17:27

10:20 Pwov 8:19

10:21 Pwov 10:11

10:24 Sòm 145:19

10:26 Pwov 26:6

10:27 Pwov 3:2

10:28 Job 8:13

10:29 Pwov 21:15

10:30 Pwov 2:22

10:31 Sòm 37:30

10:32 Ekl 12:10