9
Sajès Kol 3:9-10bati kay li a;
li taye sèt gwo pilye li yo.
Li te Mat 22:4prepare manje li,
li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
Li Sòm 68:11voye demwazèl li yo deyò,
li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
“Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”
Pou sila ki Pwov 6:32 manke bon konprann nan, li di:
“Vin Kan 5:1manje manje mwen an,
e bwè diven ke m te melanje a.
Kite foli ou pou ou ka viv;
epi Éz 11:20avanse nan chemen bon konprann nan.”
 
Sila ki Pwov 23:9korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li,
e sila ki repwoche yon nonm mechan
va resevwa ofans sou tèt li.
Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;
Sòm 141:5repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,
enstwi yon nonm dwat e li va Pwov 1:5ogmante konesans li.
10  Job 28:28Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
11 Paske Pwov 3:16pa mwen, jou ou yo va miltipliye,
e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
12 Si ou saj, ou saj Job 22:2pou pwòp tèt ou;
e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
 
13 Fanm sòt Pwov 7:11pale byen fò ak gwo vwa;
li bèt, e li pa konnen anyen.
14 Li chita devan pòtay lakay li,
sou yon chèz akote Pwov 9:3wo plas vil yo.
15 Li rele sila ki pase yo,
ki ap fè chemen yo dwat yo:
16  Pwov 9:4Sila ki pa konnen anyen an,
kite li antre isit la.
Pou sila ki manke konprann nan, li di:
17 “Dlo yo vòlè dous
e Pwov 20:17pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
18 Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.
Vizitè li yo la.
Yo nan fon Sejou mò yo.

9:1 Kol 3:9-10

9:2 Mat 22:4

9:3 Sòm 68:11

9:4 Pwov 6:32

9:5 Kan 5:1

9:6 Éz 11:20

9:7 Pwov 23:9

9:8 Sòm 141:5

9:9 Pwov 1:5

9:10 Job 28:28

9:11 Pwov 3:16

9:12 Job 22:2

9:13 Pwov 7:11

9:14 Pwov 9:3

9:16 Pwov 9:4

9:17 Pwov 20:17