3
Fis mwen an, Sòm 119:61pa bliye enstriksyon mwen an,
men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo
va vin ogmante sou ou.
Pa kite II Sam 15:20dousè ak verite kite ou.
Mare yo antoure kou ou.
Ekri yo sou tablo kè ou.
Konsa, ou va twouve favè avèk Sòm 111:10bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
Sòm 37:3-5Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va És 45:13fè pa ou yo vin dwat.
Wo 12:16Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
Li va sèvi kon yon Pwov 4:22gerizon pou kò ou,
ak rafrechisman a zo ou.
Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;
ak Egz 23:19 premye pati nan tout prodwi ou,
10 pou Det 28:8depo ou yo kab vin plen ak abondans,
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
11  Job 5:17Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
12 Paske Rev 3:19sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
 
13  Pwov 8:32-34A la beni nonm ki twouve sajès,
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 Paske Job 28:15-19avantaj li pi bon ke avantaj ajan,
e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 Li Job 28:18pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se Pwov 8:18 richès ak lonè.
17  Mat 11:29Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18 Li se yon Jen 2:9pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
19 SENYÈ a Sòm 104:24ak sajès te fonde latè a;
ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
20 Ak konesans Li, Jen 7:11fon yo te vin ouvri,
e syèl yo te vin degoute lawouze.
21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
kenbe bon sajès ak bon konprann.
22 Konsa yo va Det 32:47lavi pou nanm ou
ak dekorasyon pou kou ou.
23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,
e pye ou p ap Sòm 91:12 chape.
24 Lè ou Job 11:9kouche ou p ap pè;
kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,
ni atak a mechan an lè l vini.
26 Paske Bondye va konfyans ou,
e va I Sam 2:9veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.
 
27  Wo 13:7Pa refize fè byen a sila ki merite l yo,
si se nan kapasite ou pou fè l.
28 Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”,
oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.
29  Pwov 6:14Pa kalkile mal kont vwazen ou
pandan l ap viv an sekirite akote ou.
30 Pa fè kont ak yon nonm san koz,
depi li pa konn fè ou tò.
31  Sòm 37:1Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan,
ni pa chwazi chemen li yo.
32 Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a;
men SENYÈ a Job 29:4 vin toupre a sila yo ki dwat yo.
33 Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo,
men Li Job 8:6 beni abitasyon a moun dwat yo.
34  Jc 4:6Li moke moun k ap moke,
men Li bay gras a sila ki aflije yo.
35  Dan 12:3Saj yo va resevwa gran respe kon eritaj,
men moun plen foli yo va dezonere.

3:1 Sòm 119:61

3:3 II Sam 15:20

3:4 Sòm 111:10

3:5 Sòm 37:3-5

3:6 És 45:13

3:7 Wo 12:16

3:8 Pwov 4:22

3:9 Egz 23:19

3:10 Det 28:8

3:11 Job 5:17

3:12 Rev 3:19

3:13 Pwov 8:32-34

3:14 Job 28:15-19

3:15 Job 28:18

3:16 Pwov 8:18

3:17 Mat 11:29

3:18 Jen 2:9

3:19 Sòm 104:24

3:20 Jen 7:11

3:22 Det 32:47

3:23 Sòm 91:12

3:24 Job 11:9

3:26 I Sam 2:9

3:27 Wo 13:7

3:29 Pwov 6:14

3:31 Sòm 37:1

3:32 Job 29:4

3:33 Job 8:6

3:34 Jc 4:6

3:35 Dan 12:3