12
1 “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen ✡ Rev 7:14yon tan gwo twoub ✡ Jr 30:7 jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a; Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ke yo va jwenn ekri nan liv sa a. 2 ✡ És 26:19Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve ✡ Mat 25:46 sila pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. 3 Sila ki gen bon konprann yo va ✡ Jn 5:35briye klè tankou ekla a tout syèl la e sila ki ✡ És 53:11 mennen anpil moun vè ladwati yo, tankou zetwal jis pou tout tan e pou tout tan. 4 Men ou menm, o! Daniel, kache pawòl sila yo e ✡ És 8:16sele liv la nèt jis rive nan fen tan yo; ✡ És 11:9 anpil moun va kouri fè ale vini e konesans va ogmante.”
5 Epi mwen menm, Daniel te gade e vwala, de lòt moun te kanpe, youn sou bò rivyè sa a e lòt la sou lòtbò a. 6 Epi youn te di a mesye ✡ Éz 9:2abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a: ✡ Dan 8:13 “Konbyen tan fen a bagay mèvèy sila yo va ye?”
7 Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a lè li te ✡ Éz 20:5Lev e men dwat ak men goch li vè syèl la pou te jire pa li menm ki viv pou tout tan an ke li ta pou ✡ Dan 7:25 yon tan, dè tan, ak demi tan; Epi lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.
8 Epi mwen te tande, men mwen pa t ka konprann; akoz sa, mwen te di: “senyè mwen, kisa ki va fen a evenman sila yo?”
9 Li te di: “Ale, Daniel, paske pawòl sila yo kache e sele nèt jiska moman lafen an. 10 Anpil moun va pirifye tèt yo e fè tèt yo blan pou vin rafine, men mechan yo va aji ak mechanste; Epi okenn nan mechan yo p ap konprann, men sila ki gen konesans yo va konprann.
11 “Epi soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a ✡ Dan 9:27 abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou. 12 Beni se sila ki va tann e rive jis nan ✡ Dan 8:14 Mil-twa-san-trann-senk (1,335) jou yo.
13 “Men ou menm, ale jis rive nan fen an; Epi ou va antre nan ✡ És 57:2 repo e ou va kanpe ankò pou pòsyon pa ou a nan fen jou yo.”