11
“Nan Dan 5:31 premye ane Darius, Mèd la, Mwen te leve pou m ta kapab vin yon ankourajman ak yon pwotèj pou li.
“Epi koulye a, mwen va di ou verite a. Gade byen, va gen twa wa ankò ki va leve Perse. Epi katriyèm nan va bokou pi rich ke tout lòt yo; Epi lè li vin fò akoz richès li yo, li va pwovoke tout pouvwa li a kont wayòm Dan 8:21 Grèce la. Epi yon Dan 8:5-21 wa pwisan va vin leve, li va gouvène ak gwo otorite e fè sa li pito. Epi lè li fin leve, wayòm li an va vin kraze e divize vè kat van syèl yo, men se pa a pwòp desandan pa li, ni selon otorite ke li te gouvène, paske wayòm li an va Jr 12:15-17 vin dechouke e vin bay a lòt moun ke yo menm.
“Epi Dan 11:9-11 wa a Sid la va vin fò, ansanm ak youn nan prens li yo ki va vin pi fò ke li e li va domine li; dominasyon li an va vrèman gran. Apre kèk ane, yo va fè yon alyans e fi wa a Sid la va vin kote Dan 11:7-40 wa Nò a pou antann yo pou yo gen lapè. Men li p ap ka kenbe pozisyon pouvwa li a, ni li menm wa Sid la, li p ap ka kenbe pouvwa pa li a; men, fi a va vin livre, ansanm ak sila ki te mennen l antre ak sila ki te renmen l yo, menm ak sila ki te bay li soutyen nan lè sa yo.
“Men youn nan desandan fanmi fi yo va leve nan plas li sila ki te bay fi a soutyen an, li va vin kont lame pa yo, li va antre nan Dan 11:19-39 sitadèl wa Nò a; li va aji kont yo e li va enpoze li sou yo. Anplis És 37:19 dye, imaj metal, veso presye an ajan ak lò yo, li va pote yo an kaptivite an Egypte; Epi li va sispann atake wa Nò a pandan kèk ane. Epi dènye a va antre nan wayòm a wa Sid la, men li va retounen nan pwòp peyi li. 10 Fis li yo va rasanble yon pil gwo lame ki va vin debòde És 8:8 e travèse; Epi yo va retounen fè lagè rive jis rive nan pwòp sitadèl li a.
11  Dan 11:5 “Wa Sid la va anraje e vin goumen ak wa Nò a. Epi dezyèm nan va leve yon gwo foul lame kont premye a, men foul lame sila a va livre nan men a premye a. 12 Epi foul lame a va vin leve, kè li va vin egzalte e li va fè sòlda tonbe pa di-milye; men, li p ap ka enpoze li. 13 Paske, wa Nò a va retounen e leve yon foul ki pi gwo ke sa avan an; Epi li va vini nan fen tan yo, menm nan fen ane yo, avèk yon gwo lame e avèk anpil minisyon. Dan 4:16
14 “Alò, nan tan sila yo, va gen anpil moun ki va leve kont wa Sid la; sila ki vyolan pami pèp nou an va leve yo menm pou etabli vizyon an, men yo va tonbe. 15 Epi wa Nò a va vini, li va monte yon Jr 6:6 teras e li va pran yon vil byen fòtifye; Epi lame a Sid yo p ap ka kanpe, ni moun byen chwazi li yo, ni li p ap gen okenn fòs pou l ka kanpe. 16 Men sila ki vini kont li an va Dan 5:19 fè sa li pito e Jos 1:5 nanpwen moun ki ka kanpe devan li; Epi li va kanpe nan peyi laglwa a e nan men li, se va destriksyon. 17 Li va II Wa 12:17 mete fas li pou vini ak pouvwa a tout wayòm li a e li va mennen avèk li yon pwopozisyon lapè, ke li va etabli; li va anplis bay li fi a fanm nan pou fè koripsyon ak li. Men li p ap kanpe pou li, ni bay li soutyen. 18 Epi li va vire fas li vè Jen 10:5 peyi kot yo e li va kaptire anpil nan yo. Men yon chèf va fè l sispann ak repwòch li a; anplis, li va fè l peye pou ensolans li. 19 Konsa, li va vire fas li vè fòterès a pwòp peyi li a, men li va glise tonbe e li p ap ka vin twouve.
20 “Epi nan plas li a, yon moun va koze egzaksyon pou travèse Bijou a wayòm nan; malgre sa, nan kèk jou, li va vin detwi, malgre se pa ni nan kòlè, ni nan batay. És 60:17
21 “Nan plas li a, yon nonm meprizab va vin leve, a sila tit a wa a pa t vin bay, men li va vini nan yon tan trankil e li va II Sam 15:6 sezi wayòm nan ak ti manèv koken li. 22  Dan 9:26 Lame debòde peyi a va vin debòde soti devan l e vin kraze nèt e prens a akò osi. 23 Apre yon akò lapè fin fèt ak li, li va vin twonpe tèt li; paske li va monte reyisi pran pouvwa a ak yon ti ekip tou piti. 24 Nan tan lapè a, li va antre nan pati wayòm ki Nonb 13:20 pi rich la e li va fè sa ke zansèt li yo pa t janm fè, ni zansèt zansèt li yo; li va distribye piyaj, viktim ak byen yo pami yo e li va elabore konplo li yo kont sitadèl yo, menm pou yon ti tan.
25 “Li va pwovoke pwisans ak kouraj li kont Dan 11:5 wa a Sid yo ak yon gwo lame; konsa, wa Sid la va fòme yon vrèman gwo lame pou fè lagè; men, li p ap ka kanpe, paske yo va elabore konplo kont li. 26 Sila ki manje pi bon manje yo va detwi li, lame li a va vin Dan 11:10-40 debòde e anpil moun va tonbe mouri. 27 Epi konsènan toulède wa yo, kè yo va sou fè mal e yo va pale manti youn ak lòt sou menm tab; men, sa p ap pwospere, paske Dan 8:19 fen an toujou gen pou vini nan lè chwazi a. 28 Epi li va retounen nan peyi li ak anpil piyaj; men kè li va kont akò sen an e li va pran desizyon retounen nan peyi li.
29 “Nan lè chwazi a, li va retounen antre nan Sid la; men nan fwa sa a, li p ap menm jan li te ye fwa avan an. 30 Paske bato a Jen 10:4 Kittim yo va vini kont li; akoz sa, li va vin gen chagren, li va retounen vin anraje kont akò sen an e li va aji; konsa, li va retounen pran desizyon pou antann li ak sila ki vyole akò sen yo.
31 “Sòlda yo va leve pou li Dan 8:11-13d yo va pwofane sanktyè a e fè sakrifis nòmal la vin sispann. Epi yo va fè monte Dan 9:27 abominasyon ak dezolasyon. 32 Ak lèv flatè, li va sedwi sila ki vyole akò yo, men pèp ki konnen Bondye a va Mi 5:7-9 kanpe fèm pou aji.
33  Mal 2:7“Sila ki gen bon konprann pami pèp la va bay konesans a anpil moun; malgre sa, yo va Mat 24:9 tonbe pa nepe, pa dife, pa kaptivite e pa piyaj pandan anpil jou. 34 Alò, lè yo tonbe, yo va resevwa yon ti asistans e anpil lòt moun va vin jwenn ak yo an Dan 11:21-32 ipokrizi. 35 Kèk nan sila ki gen bon konprann yo va tonbe pou yo ka rafine Jn 15:2pirifye e fè yo Rev 7:14 blan lè dènye tan an rive; akoz li toujou gen pou vini nan lè ki chwazi a.
36 “Epi wa a va fè sa li pito, li va vin egzalte, li va És 14:13bay tèt li glwa pi wo pase tout dye yo e li va Rev 13:5,6 pale anpil bagay byen move kont Bondye a dye yo; Epi li va pwospere jiskaske endiyasyon an fini, paske dekrè ki pibliye a va akonpli. 37 Li p ap montre okenn respè pou dye a zansèt li yo, ni pou dezi fanm, ni li p ap gen respè pou okenn lòt dye; paske li va leve tèt li ak glwa pi wo ke yo tout. 38 Men olye de sa, li va bay glwa a dye a fòterès yo, yon dye ke zansèt li yo pa t konnen; li va bay li glwa ak lò, ajan, pyè presye ak trezò. 39 Li va aji kont fòterès ki pi fò yo ak soutyen a yon dye etranje; nenpòt moun ki rekonèt li va ogmante yo ak glwa e li va fè yo domine sou anpil e yo va divize teritwa a pou yon pri.
40 “Nan lè lafen an Dan 11:11wa Sid la va atake li Dan 11:7,13,15 wa Nò a va rive kont li ak cha, ak chevalye e ak anpil bato; Epi li va antre nan peyi yo, debòde yo e pase anndan yo. 41 Anplis, li va antre nan Peyi Laglwa a e anpil peyi va ranvèse; men sila yo va delivre soti nan men li: Edom Jr 48:47Moab, ak premye nan fis a Jr 49:6 Ammon yo. 42 Epi li va lonje men li kont lòt peyi yo e peyi Egypte p ap chape. 43 Men, li va pran kontwòl tout trezò kache ak lò, ajan ak tout bagay presye an Egypte yo; epi II Kwo 12:3Libyen yo ak Etyopyen yo va kouri dèyè talon li. 44 Men rimè ki sòti nan Lès ak nan Nò va vin twouble li, li va ale ak gwo kòlè pou detwi e anile anpil konplètman. Libyen yo ak Éz 30:4,5Etyopyen yo va kouri dèyè talon li. 45 Li va fè monte tant a palè li a antre lanmè a ak És 11:9 Mòn Sen Laglwa a; malgre sa, li va rive nan fen li e nanpwen moun k ap bay li soutyen.

11:1 Dan 5:31

11:2 Dan 8:21

11:3 Dan 8:5-21

11:4 Jr 12:15-17

11:5 Dan 11:9-11

11:6 Dan 11:7-40

11:7 Dan 11:19-39

11:8 És 37:19

11:10 És 8:8

11:11 Dan 11:5

11:13 Dan 4:16

11:15 Jr 6:6

11:16 Dan 5:19

11:16 Jos 1:5

11:17 II Wa 12:17

11:18 Jen 10:5

11:20 És 60:17

11:21 II Sam 15:6

11:22 Dan 9:26

11:24 Nonb 13:20

11:25 Dan 11:5

11:26 Dan 11:10-40

11:27 Dan 8:19

11:30 Jen 10:4

11:31 Dan 8:11-13

11:31 Dan 9:27

11:32 Mi 5:7-9

11:33 Mal 2:7

11:33 Mat 24:9

11:34 Dan 11:21-32

11:35 Jn 15:2

11:35 Rev 7:14

11:36 És 14:13

11:36 Rev 13:5,6

11:40 Dan 11:11

11:40 Dan 11:7,13,15

11:41 Jr 48:47

11:41 Jr 49:6

11:43 II Kwo 12:3

11:44 Éz 30:4,5

11:45 És 11:9