5
Alò, rasanble nou an twoup lame,
O fi a lame yo.
Yo fin fè syèj kont ou;
Ak gwo baton, yo va I Wa 22:24frape jij Israël la
nan machwè.
Men ou menm, Bethléhem Éphrata,
pi piti pami fanmi a Juda yo,
nan És 11:1; Jr 30:21ou va soti pou Mwen
Youn pou vin chèf an Israël.
Lè pou L vin parèt la te etabli depi
nan tan ansyen yo, jis rive nan
jou etènite yo.
Akoz sa, Li va Os 11:8lese yo ale jiskaske
sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la.
Nan lè sa a, retay nan frè li yo va retounen
vin jwenn fis Israël yo.
Epi Li va leve e nouri És 40:11 bann mouton Li an
nan fòs SENYÈ a;
Nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a.
Epi yo va rete; paske nan tan sa a,
Li va pwisan jis rive nan És 45:22dènye pwent
latè.
Epi Nonm sila a, va lapè nou És 9:6; És 8:7-8
lè Asiryen yo vini nan peyi nou an,
e lè li va mache nan palè nou yo,
nou va leve kont li sèt bèje ak uit òm prensipal.
Yo va Na 2:11-13 regle peyi Assyrie ak nepe e
peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo;
Epi li va És 14:25delivre nou soti nan men Asiryen an
lè l fè envazyon peyi nou an
ak lè li mache anndan fwontyè nou an.
Epi konsa, Mi 2:12retay Jacob la va nan mitan anpil
nasyon pèp yo,
tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a,
tankou lapli k ap farinen sou tout vèdi latè,
ki pa tann lòm, ni fè reta pou fis a lòm yo.
Retay Jacob la va pami nasyon yo, pami
anpil pèp;
Tankou yon lyon pami bèt forè,
tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton;
li menm, si l pase, mache, dechire an mòso
e Jen 49:9; Sòm 50:22 p ap gen pèsòn ki pou delivre.
Ke men ou vin Sòm 10:12Leve kont advèsè Ou yo
e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.
10 “Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a,
Za 9:10“ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan
nou e Mwen va detwi cha lagè nou yo.
11 “Anplis, Mwen va koupe retire És 1:7vil
nan peyi nou yo e mwen va jete tout
miray fòterès nou yo.
12 Mwen va koupe retire zafè tout Det 18:10-12wanga soti
nan men nou e nou p ap gen divinò ankò.
13  És 2:18Mwen va retire imaj taye nou yo ak
pilye sakre ki pami nou yo,
pou nou pa adore zèv men nou yo ankò.
14 Mwen va dechouke Egz 34:13Asherim ki pami nou yo e
mwen va detwi vil nou yo.
15 Epi Mwen va És 1:24egzekite vanjans kòlè
ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo.”

5:1 I Wa 22:24

5:2 És 11:1; Jr 30:21

5:3 Os 11:8

5:4 És 40:11

5:4 És 45:22

5:5 És 9:6; És 8:7-8

5:6 Na 2:11-13

5:6 És 14:25

5:7 Mi 2:12

5:8 Jen 49:9; Sòm 50:22

5:9 Sòm 10:12

5:10 Za 9:10

5:11 És 1:7

5:12 Det 18:10-12

5:13 És 2:18

5:14 Egz 34:13

5:15 És 1:24