9
1 Revelasyon.
SENYÈ a kont peyi a Hadrac la ak ✡ És 17:1Damas
kon plas repo li
paske zye a lòm se vè SENYÈ a,
sitou tout tribi Israël yo,
2 Epi osi vè ✡ Jr 49:23Hamath, ki nan lizyè li a;
✡ Éz 28:2-5,12 Tyr ak Sidon paske yo saj anpil.
3 Paske Tyr te bati pou kont li yon ✡ Jos 19:29fò;
li te fè depo ajan tankou pousyè
ak depo ✡ I Wa 10:21,27 lò tankou labou nan lari.
4 Gade byen, SENYÈ a va ✡ Éz 26:3-5; És 28:18rache tout sa
li posede,
e jete tout richès li yo nan lanmè;
li va devore nèt ak dife a.
5 Askalon va wè l e vin pè.
Anplis, gaza va tòde ak gwo doulè;
epi Ékron, pou sa li te atann va vin wont.
Anplis ke sa, wa a va peri Gaza e Askalon
va vin pa gen moun.
6 Epi yon ras mele va vin rete ✡ Am 1:8Asdod
e Mwen va rache ògèy a Filisten yo.
7 Epi Mwen va retire san soti nan bouch yo ak
abominasyon soti nan mitan dan yo.
Konsa, yo va devni osi yon retay
pou Bondye nou an.
Yo va tankou yon chèf pou Juda e
Ékron va tankou Jebizyen yo.
8 Epi Mwen va kanpe antoure kay Mwen an
kont lame a,
pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen;
epi p ap gen moun k ap travèse pou oprime
yo ankò;
paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.✡ És 54:14
9 Rejwi anpil, O fi a Sion an!
Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!
Gade byen ✡ Sòm 110:1 wa ou ap vini kote ou;
Li ✡ So 3:5jis e Li gen Sali;
Li enb e Li monte sou yon bourik,
menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.
10 Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan,
ansanm ak cheval Jérusalem nan;
banza lagè a va vin koupe retire.
Li va pale ✡ És 57:19; Sòm 72:8Lapè a nasyon yo.
Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè,
e nan Rivyè Euphrate la pou jis rive nan dènye
pwent tè a.
11 Menmjan an pou ou menm tou,
akoz ✡ Egz 24:8san akò Mwen an ki avèk ou,
mwen te mete prizonye ou yo an libète
soti nan twou fòs ki pa gen dlo a.
12 Retounen nan ✡ Jr 16:19sitadèl la, O prizonye
ki gen lespwa la;
Nan jou sa a menm, Mwen deklare ke Mwen
va ✡ És 61:7 remèt ou doub de sa.
13 Paske Mwen te ✡ Jr 51:20 koube Juda
konsi se te banza Mwen;
mwen te plen banza a avèk Éphraïm.
Epi Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion,
kont fis ou yo, O Grèce,
e Mwen va fè ou vin tankou ✡ Sòm 45:3nepe
a yon gèrye.
14 Epi SENYÈ a va vin parèt ✡ És 31:5; Sòm 18:14sou yo e
flèch Li va pati tankou kout loray.
Senyè BONDYE a va sone twonpèt la e
Li va mache nan van tanpèt sid yo.
15 ✡ És 37:35 SENYÈ dèzame yo va defann yo.
Yo va ✡ Za 12:6devore e yo va foule anba pye
tout wòch fistibal yo;
Yo va bwè e fè bwi tankou se diven y ap bwè;
epi yo va vin ranpli tankou basen sakrifis,
tankou kwen lotèl yo.
16 Konsa SENYÈ a, Bondye yo a, va ✡ Jr 31:10,11sove yo
nan jou sa a, tankou foul moun a pèp Li a;
paske yo tankou wòch presye,
k ap klere toupatou nan tout peyi Li a.
17 Paske a la gran bonte Li va gran,
e a la gran bèlte Li va gran!
Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere e
diven nèf pou vyèj yo.✡ Jr 31:12,14; Sòm 27:4