10
Mande pou Jl 2:23 lapli ki sòti
nan SENYÈ a nan epòk prentan.
Se SENYÈ a ki Jr 10:13fè nwaj tanpèt yo;
epi se Li ki bay lapli lejè a tout
pou jaden plant yo.
Paske Éz 21:21 zidòl lakay yo pale inikite;
Jr 27:9divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè,
ke yo repete kòn fo rèv.
Yo bay rekonfò an ven.
Konsa, pèp la mache egare tankou mouton;
yo aflije akoz yo pa gen bèje.
 
Kòlè Jr 25:34-36 Mwen limen kont bèje yo.
Mwen va pini mal kabrit yo,
paske SENYÈ dèzame yo te Éz 34:12vizite
bann mouton li an lakay Juda,
e Li va fè yo vin tankou cheval
majeste Li nan batay la.
De li menm, va vin parèt Luc 20:17wòch ang lan,
de li menm, pikèt tant lan,
de li menm, banza batay la,
de li menm, tout wa yo ansanm.
Yo va tankou mesye pwisan yo,
k ap II Sam 22:43foule lènmi yo anba pye yo,
nan labou lari a nan batay la.
Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo;
epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye.
 
Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va
sove lakay Joseph la, e
mwen va Za 8:8 fè yo retounen;
paske Mwen gen És 54:8konpasyon pou yo.
Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo,
paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo,
e mwen va reponn yo.
Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan
e kè yo va kontan konsi se ak diven.
Anverite, pitit yo va wè sa,
e yo va kontan,
kè yo va rejwi nan SENYÈ a. És 54:13
Mwen va soufle pou yo
pou yo kab vin rasanble yo,
paske Mwen te rachte yo.
Konsa, yo va vin Jr 33:22anpil,
Éz 36:11 jan yo te ye oparavan an.
Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo,
yo va I Wa 8:47,48sonje Mwen nan peyi lwen yo.
Yo va viv ak pitit yo,
e yo va retounen.
10 Mwen va mennen yo retounen
soti nan peyi Égypte la,
e rasanble yo soti Assyrie.
Mwen va mennen yo antre nan peyi
Jr 50:19Galaad ak Liban jiskaske És 49:19,20 pa gen espas pou yo.
11 Li va pase nan És 51:9,10 lanmè afliksyon an,
e Li va frape lanm lanmè yo,
jiskaske tout pwofondè És 19:5-7 Rivyè Nil lan vin sèch.
Epi ògèy Assyrie va vin bese e
baton Égypte la va sòti.
12 Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a.
Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a. Mi 4:5

10:1 Jl 2:23

10:1 Jr 10:13

10:2 Éz 21:21

10:2 Jr 27:9

10:3 Jr 25:34-36

10:3 Éz 34:12

10:4 Luc 20:17

10:5 II Sam 22:43

10:6 Za 8:8

10:6 És 54:8

10:7 És 54:13

10:8 Jr 33:22

10:8 Éz 36:11

10:9 I Wa 8:47,48

10:10 Jr 50:19

10:10 És 49:19,20

10:11 És 51:9,10

10:11 És 19:5-7

10:12 Mi 4:5