11
1 Ouvri pòt ou yo, O Liban, pou ✡ Jr 22:6,7dife ka devore
✡ Éz 31:3 bwa sèd ou yo.
2 Rele anmwey, O pye sapen an,
paske bwa sèd la fin tonbe,
akoz bèl ab plen ak glwa yo fin detwi.
Rele anmwey, O bwadchenn a Basan yo,
paske forè ke yo pa t ka travèse a fin tonbe.
3 Men yon vwa kriye lamantasyon a bèje yo
✡ Jr 25:34-36 paske glwa pa yo fin detwi;
yon vwa gwonde a jenn lyon yo,
paske ògèy Jourdain nan fin kraze nèt.
4 Konsa pale SENYÈ a, Bondye mwen an: “Nouri bann mouton k ap✡ Sòm 44:22 kòche a. 5 Sila ki achte yo, va kòche yo e rete san koupabilite; epi sila ki vann yo va di: ‘Beni se SENYÈ a, paske mwen vin rich!’ Epi pwòp bèje pa yo pa menm gen pitye pou yo.✡ Os 12:8; Éz 34:2,3 6 Paske Mwen ✡ Jr 13:14p ap fè pitye ankò pou pèp peyi a,” deklare SENYÈ a; “men gade byen, Mwen va delivre tout mesye yo, yo tout anba a pwochen yo e anba pouvwa a wa li a; epi yo p ap frape peyi a e Mwen ✡ Sòm 50:22 p ap delivre yo anba pouvwa yo.”
7 Konsa, mwen te nouri bann mouton pou kòche a; anverite, aflije nan bann mouton yo. Epi mwen te pran pou mwen de baton: youn mwen te rele ✡ Sòm 27:4Gras e lòt la, mwen te rele li ✡ Sòm 133:1 Tèt Ansanm; konsa, mwen te nouri bann mouton an. 8 Epi mwen te izole twa bèje sila yo nan ✡ Os 5:7 yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo e nanm pa yo te fatige avè m tou. 9 Epi mwen te di: “Mwen p ap nouri nou. Sa ki fèt pou ✡ Jr 15:2 mouri, kite l mouri e sa ki fèt, kite li detwi nèt. Epi kite sila ki rete yo manje chè youn lòt.” 10 Mwen te pran baton Gras la e mwen te koupe li an twa mòso pou m te kab ✡ Sòm 89:39 kraze akò ke m te fè ak tout pèp la. 11 Konsa, li te kraze nan jou sa a; epi konsa, aflije nan bann mouton yo ki t ap gade mwen an, te vin konprann ke se te pawòl SENYÈ a.✡ So 3:12 12 Mwen te di yo: “Si sa bon nan zye nou, peye m salè mwen an; men si se pa sa, pa okipe w.” Konsa, yo te peze trant sik ajan kòm salè mwen an.✡ Jen 37:28 13 Epi SENYÈ a te di mwen: “Jete sa vè ✡ Mat 27:3-10 bòs potye a, pri manyifik ki te estime pa yo menm nan”. Konsa, mwen te pran trant sik ajan e mwen te jete yo vè bòs potye a, lakay SENYÈ a. 14 Epi mwen te koupe an mòso dezyèm baton ki rele Tèt Ansanm nan, pou ✡ És 9:21 kraze fratènite ki te egziste antre Juda ak Israël la.
15 SENYÈ a te di mwen: “Pran ankò pou ou menm, enstriman a yon bèje ki ✡ És 6:10-12 san konprann. 16 Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki ✡ Jr 23:2 p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a; men li va devore chè a mouton gra yo e li va menm chire retire zago yo. 17 ✡ Jr 23:1 Malè a bèje san valè ki abandone bann mouton an! Nepe va sou bra li ak sou zye dwat li! Bra li va vin seche nèt e zye dwat la va vin avèg.”