22
Konsa pale SENYÈ a: “Ale desann kote kay wa Juda a, e pale pawòl sa a: Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, O wa Juda, ki És 9:7chita sou twòn David la, ou menm, sèvitè ou yo ak pèp ou a ki antre nan pòtay sila yo. Konsa pale SENYÈ a: És 58:6-7“Fè jistis ak ladwati e delivre sila ki te vòlè devan pouvwa sila ki te oprime l la. Anplis pa maltrete ni fè vyolans a yon etranje, òfelen an ak vèv la. Ni pa vèse san inosan nan plas sa a. Paske si nou menm mesye yo va, anverite, fè bagay sa a, alò, Jr 17:25wa yo va antre nan pòtay kay sa a, e va chita nan plas David sou twòn li an. Yo va monte sou cha yo ak sou cheval yo—yo menm, sèvitè yo ak pèp li a. Men si nou pa obeyi pawòl sa yo, Mwen Jen 22:16sèmante pa Mwen menm,” deklare SENYÈ a: “ke kay sila a va vin dezole.” ’ ”
Paske konsa pale SENYÈ a konsènan kay wa a Juda a:
“Ou tankou Galaad pou Mwen,
tankou tèt mòn Liban an.
Malgre, anverite Mwen va fè nou kon yon Sòm 107:34dezè,
kon vil ki abandone.
Paske Mwen va mete És 10:3-6destriktè apa pou ou,
yo chak ak zam yo.
Epi yo va koupe mete atè bwa sèd
pi chwazi ou yo e jete yo nan dife.
“Anpil nasyon va pase kote vil sa a. Konsa, yo va Det 29:24-26di youn lòt: ‘Poukisa SENYÈ a te fè bagay sa a gwo vil sa a?’ Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te II Wa 22:17abandone akò SENYÈ a, Bondye yo a, e te pwostène yo a lòt dye yo e te sèvi yo.’ ”
10  Ekl 4:2Pa kriye pou mò yo.
Pa fè dèy pou li,
men kriye san rete pou sila ki sòti a;
paske li p ap janm retounen,
ni li p ap wè peyi l ankò.
11 Paske se konsa SENYÈ a pale a II Wa 23:30-34Schallum, fis a Josias, wa Juda a, ki te vin wa nan plas Josias, papa li, ki te ale kite plas sa a: “Li p ap janm retounen la, 12 men nan plas kote li te mennen an kaptivite a, se la li va II Wa 23:34mouri e li p ap wè peyi sila ankò.”
13 “Malè a sila ki bati kay li Jr 17:11san ladwati,
chanm anlè yo san jistis,
ki itilize sèvis vwazen li san peye
e ki pa bay li salè li,
14 Ki di: “Mwen va És 5:8bati pou mwen menm
yon kay ak anpil espas,
ak gwo chanm anlè.
Mwen va koupe fenèt li yo,
ba li panno bwa sèd
e pentire l an koulè wouj.’
 
15 “Èske ou dwe wa akoz ou pi fò nan afè bwa sèd?
Èske papa ou pa t manje, bwè
e II Wa 23:25fè jistis ak sa ki dwat?
Epi sa te ale byen pou li.
16 Li te plede koz a malere ak aflije yo,
epi sa te ale byen.
I Kwo 28:9Èske se pa sa ki vle di ou rekonèt Mwen an?” deklare SENYÈ a.
17 “Men zye ou ak kè ou rete sèlman
sou richès ki ranmase nan zak malonèt,
nan vèse san inosan,
nan opresyon ak vyolans.”
18 Pou sa, konsa SENYÈ a pale konsènan Jojakim, fis a Josias, wa Juda a: “Yo p ap fè dèy pou li.
Ni rele ‘Anmwey, frè m!’ ni ‘Anmwey sè m!’
“Yo p ap fè gwo kri pou li.
Ni ‘Anmwey, mèt mwen!’
Ni ‘Anmwey, pou grand pwisans li!’
19 Li va I Wa 21:23antere ak antèman bourik,
trennen e jete deyò pòtay Jérusalem yo.”
 
20 “Ale monte kote Liban.
Kriye fò e leve vwa ou nan Basan.
Kriye anplis depi Nonb 27:12Abarim,
paske tout moun ki renmen ou yo vin kraze nèt.
21 Mwen te pale ak ou nan pwosperite,
men Jr 13:10ou te di: ‘Mwen p ap koute’!
Konsa abitid ou depi nan jenès ou,
ke ou te refize obeyi lavwa M.
22 Van an va bale fè disparèt tout bèje ou yo,
ak moun ki renmen ou yo,
y ap wale an kaptivite.
Konsa, ou va anverite És 65:13wont e imilye
akoz tout mechanste ou yo.
23 Nou menm k ap viv Liban,
ki fè nich ak bwa sèd yo,
nou va plenyen nan gòj lè gran doulè a rive sou ou;
Jr 4:31doulè tankou yon fanm k ap akouche a!
24 “Kon Mwen viv la”, deklare SENYÈ a: “Menmsi II Wa 24:6Jeconia, fis a Jojakim nan, te yon bag so nan men dwat Mwen; malgre sa, Mwen ta rale retire ou. 25 Epi mwen ta II Wa 24:15-16lese ou tonbe nan men a sila k ap chache lavi ou yo; wi, nan men a sila ke ou krent anpil yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa a Babylone nan, e nan men a Kaldeyen yo. 26 Mwen va jete ou ak II Wa 24:8manman ou ki te fè ou a jis nan yon lòt peyi kote ou pa t fèt, e la ou va mouri. 27 Men pou peyi kote yo ta vle retounen an, yo p ap retounen la.”
28 Èske nonm sa a, Jenocia se yon po meprize, kraze nèt?
Oswa èske li se yon veso lèd, san valè?
Poukisa li menm ak desandan li yo te Jr 15:1jete deyò konsa
e depoze nan yon peyi ke yo pa t konnen?
29 O latè, latè, latè,
Det 4:26tande pawòl SENYÈ a!
30 Konsa pale SENYÈ a:
“Mete nonm sa a nan lis kon I Kwo 3:17‘san pitit’,
yon nonm ki p ap reyisi nan jou li yo.
Paske nanpwen moun nan desandan li yo ki va reyisi,
ni k ap chita sou twòn David la,
ni gouvène ankò nan Juda.”

22:2 És 9:7

22:3 És 58:6-7

22:4 Jr 17:25

22:5 Jen 22:16

22:6 Sòm 107:34

22:7 És 10:3-6

22:8 Det 29:24-26

22:9 II Wa 22:17

22:10 Ekl 4:2

22:11 II Wa 23:30-34

22:12 II Wa 23:34

22:13 Jr 17:11

22:14 És 5:8

22:15 II Wa 23:25

22:16 I Kwo 28:9

22:19 I Wa 21:23

22:20 Nonb 27:12

22:21 Jr 13:10

22:22 És 65:13

22:23 Jr 4:31

22:24 II Wa 24:6

22:25 II Wa 24:15-16

22:26 II Wa 24:8

22:28 Jr 15:1

22:29 Det 4:26

22:30 I Kwo 3:17