58
És 40:6“Kriye fò, ni pa rete!
Leve vwa ou tankou yon twonpèt!
Deklare a pèp Mwen transgresyon yo,
e a lakay Jacob la, peche yo.
Malgre yo chache Mwen de jou an jou
e te fè gwo lanvi pou konnen chemen Mwen yo,
konsi se yon nasyon ki fè ladwati,
e ki pa t abandone règleman a Bondye yo.
Yo mande Mwen pou fè desizyon ki jis.
Yo pran plezi Sòm 119:151nan pwoksimite Bondye a.
‘Poukisa nou Mal 3:14fè jèn e Ou pa wè?
Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’
 
“Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo
e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo.
Gade byen, nou fè jèn pou És 3:14konfli ak kont;
pou nou frape ak ponyèt mechan an.
Kalite jèn nou fè la jodi a pa p fè vwa ou tande anwo a.
Èske se jèn sa a ki fè kè M kontan?
Yon jou pou yon nonm ta imilye li menm?
Pou bese tèt li kon wozo,
e gaye I Wa 21:27twal sak ak sann kon kabann anba l?
Èske se yon jèn ke ou rele sa;
menm yon jou k ap akseptab a SENYÈ a?
 
“Se pa jèn sila a ke M pito;
pou Né 5:10-12lache lyann mechanste yo,
pou demare kòd jouk la,
pou lese oprime yo pran libète
e kase tout jouk yo?
Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo,
e mennen endijan yo antre nan kay?
Lè ou wè Mat 25:35-36toutouni an, pou kouvri l;
epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?
Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten,
e Egz 14:19gerizon ou va vòltije vit devan ou.
Ladwati ou va ale devan ou,
e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.
Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn.
Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’.
 
“Si ou retire jouk la nan mitan nou,
sispann Pwov 6:13pwente dwat sou lòt
e sispann pale mechanste;
10 si ou vide nanm ou a sila ki grangou,
e satisfè dezi a aflije a;
nan lè sa a, Job 11:17limyè ou va leve nan fènwa,
e tristès ou va klere kon gran lajounen.
11 Epi SENYÈ a va gide ou tout tan,
satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo,
e bay fòs a zo ou yo.
Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze
e tankou yon Jn 4:14sous dlo ki p ap janm seche.
12 Sila ki pami ou yo va És 49:8rebati ansyen mazi yo.
Ou va fè releve ansyen fondasyon yo.
Konsa yo va rele ou Sila Ki Te Repare Brèch la,
Sila Ki Te Restore Lari Yo Ak Kay Yo.
 
13 “Si, nan Saba a, ou vire pye ou,
pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an,
e rele Saba a yon gwo plezi,
epi jou sen a SENYÈ onorab,
e bay li onè,
olye chache És 55:8chemen pa ou,
olye pwòp plezi pa ou,
ak pale pwòp pawòl pa w,
14 konsa ou va pran plezi nan SENYÈ a,
e Mwen va fè ou monte Det 32:13sou wotè latè yo.
Mwen va bay ou manje,
e Mwen va ba ou eritaj a Jacob, papa ou a,
paske bouch SENYÈ a pale sa a.”

58:1 És 40:6

58:2 Sòm 119:151

58:3 Mal 3:14

58:4 És 3:14

58:5 I Wa 21:27

58:6 Né 5:10-12

58:7 Mat 25:35-36

58:8 Egz 14:19

58:9 Pwov 6:13

58:10 Job 11:17

58:11 Jn 4:14

58:12 És 49:8

58:13 És 55:8

58:14 Det 32:13