21
Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke Naboth, Jizreyelit la te gen yon chan rezen ki te nan Jij 6:33Jizréel akote palè Achab, wa Samarie a. Achab te pale a Naboth e te di: I Sam 8:14“Ban mwen chan rezen ou an, pou m ka genyen li kòm yon jaden legim, paske li toupre lakay mwen e mwen va ba ou yon pi bon chan rezen pase l pou ranplase li. Si ou pito, mwen va ba ou pri li an lajan.”
Men Naboth te di a Achab: “Ke SENYÈ a ta anpeche m ba ou Lev 25:23eritaj zansèt mwen yo.”
Konsa, Achab te rive lakay li pa kontan e byen vekse akoz pawòl ke Naboth, Jizreyelit la, te pale a li a, paske li te di: “Mwen p ap bay ou eritaj zansèt mwen yo.” Li te kouche sou kabann li, te vire figi li akote e li pa t manje manje. Men Jézabel, madanm li, te vin kote li e te di li: “Kijan lespri ou tèlman ba ke ou pa manje manje a?”
Konsa, li te di li: “Akoz mwen te pale Naboth, Jizreyelit la, e mwen te di li: ‘Ban mwen chan rezen ou an pou lajan; oswa, si li fè ou kontan, mwen va ba ou yon chan rezen pou ranplase li.’ Men li te di: ‘Mwen p ap ba ou chan rezen mwen an.’ ”
Jézabel, madanm li te di li: I Sam 8:14“Èske koulye a se ou ki renye sou Israël? Leve, manje pen e kite kè ou kontan. Mwen va ba ou chan rezen a Naboth, Jizreyelit la.” Est 3:12Konsa, li te ekri lèt nan non Achab e te sele yo avèk so pa li pou te voye yo bay ansyen yo avèk prens ki te rete avèk Naboth nan vil pa li a. Alò, nan lèt sa yo li te ekri e te di: “Pwoklame yon jèn e fè Naboth chita sou tèt a pèp la. 10 Fè chita dèzòm sanzave devan li pou fè temwayaj kont li pou di: ‘Ou te modi Bondye avèk wa a.’ Konsa, pran li deyò e lapide li jiskaske li mouri.”
11 Konsa, mesye lavil li yo, ansyen avèk prens ki te rete la yo, te fè jan Jézabel te voye di yo a, jis jan ke li te ekri nan lèt ke li te voye yo. 12 Yo te És 58:4pwoklame yon jèn e te fè Naboth chita sou tèt a pèp la. 13 Epi dèzòm sanzave te antre ladann e te chita devan li. Epi de mesye sanzave yo te fè temwayaj kont li, menm kont Naboth, devan pèp la, e yo te di: “Naboth te modi Bondye avèk wa a.” Trav 7:55-59Konsa, yo te pran l mennen deyò lavil la e yo te lapide l jiska lanmò avèk kout wòch. 14 Epi yo te voye kote Jézabel e te di: “Naboth te lapide e fin mouri.”
15 Lè Jézabel te tande ke Naboth te lapide e te mouri, Jézabel te di a Achab: “Leve, pran posesyon a chan rezen Naboth la, Jizreyelit la, ke li te refize ba ou pou lajan an; paske Naboth pa vivan, men li mouri.”
16 Lè Achab te tande ke Naboth te mouri, Achab te leve desann kote chan rezen a Naboth la, Jizreyelit la, pou l te pran posesyon li.
17 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Élie, Tichbit la, e te di: 18 “Leve, ale desann rankontre Achab, wa Israël la, I Wa 16:29ki Samarie. Gade byen, li nan chan rezen Naboth kote li te desann pou pran posesyon li. 19 Ou va pale li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: II Sam 12:9Èske ou te touye e anplis pran posesyon?’ ” Epi ou va pale avèk li pou di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Nan plas kote chen yo te niche san Naboth la, chen yo va niche san pa ou menm.’ ”
20 Achab te di a Élie: I Wa 14:10“Èske ou vin jwenn mwen, O lènmi mwen?”
Epi li te reponn: “Mwen te jwenn ou akoz ou te vann tèt ou pou fè mechanste nan zye SENYÈ a. 21 Gade byen, Mwen va mennen mal sou ou, Mwen va bale fè ou disparèt e Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib nan tout Israël. 22  I Wa 15:29Mwen va fè lakay ou I Wa 16:3-11tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la ak tankou lakay Baescha, fis Achija a, akoz pwovokasyon avèk sila li te pwovoke M a lakòlè a, e akoz ou te fè Israël peche.” 23 De Jézabel osi SENYÈ a te pale, e te di: II Wa 9:10-37“Chen yo va manje Jézabel nan distri Jizréel la. 24  I Wa 14:11Sila ki apatyen a Achab, ki mouri nan vil la, chen va manje yo e sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje yo.”
25  I Wa 16:30-33Anverite, pa t gen moun tankou Achab ki te vann tèt li pou fè mal devan SENYÈ a, akoz madanm li, Jézabel te chofe li. 26  I Wa 15:12Li te aji byen abominab nan swiv zidòl li yo, selon tout sa ke Amoreyen yo te fè, ke SENYÈ a te mete deyò devan fis Israël yo.
27 Li te vin rive ke lè Achab te tande pawòl sa yo, Jen 37:34li te chire rad li e li te mete twal sak sou li pou te fè jèn. Li te kouche nan twal sak e li te vin mache avèk chagren nèt.
28 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Élie, Tichbit la, e te di: 29 “Èske ou wè kijan Achab te vin imilye li devan Mwen? Akoz li te imilye li devan mwen, II Wa 9:25-37Mwen p ap mennen mal la nan jou li yo; men Mwen va mennen mal la sou lakay li nan jou a fis li yo.”

21:1 Jij 6:33

21:2 I Sam 8:14

21:3 Lev 25:23

21:7 I Sam 8:14

21:8 Est 3:12

21:12 És 58:4

21:13 Trav 7:55-59

21:18 I Wa 16:29

21:19 II Sam 12:9

21:20 I Wa 14:10

21:22 I Wa 15:29

21:22 I Wa 16:3-11

21:23 II Wa 9:10-37

21:24 I Wa 14:11

21:25 I Wa 16:30-33

21:26 I Wa 15:12

21:27 Jen 37:34

21:29 II Wa 9:25-37