9
Alò, Élisée, pwofèt la, te rele youn nan II Wa 2:3fis a pwofèt yo e te di li: “Mare senti ou e I Sam 10:1pran bokal lwil nan men ou pou monte Ramoth-Galaad. Lè ou rive la, chache jwenn I Wa 19:16-17Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a e antre ladann, mande li vin apa de frè li yo, mennen li nan yon chanm anndan. Epi pran bokal lwil la, vide li sou tèt li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a; II Kwo 22:7 “Mwen te onksyone ou wa sou Israël.” ’ Epi louvri pòt la, kouri sove ale; pa tann.”
Konsa, II Wa 9:1jennonm nan, sèvitè pwofèt la, te ale Ramoth-Galaad. Lè l rive, men vwala, kapitèn a lame yo te chita, e li te di: “Mwen gen yon pawòl pou ou O kapitèn.”
Epi Jéhu te di: “Pou kilès nan nou?”
Epi li te di: “Pou ou, O kapitèn.” Li te leve e te antre nan kay la, li te vide lwil sou tèt li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, I Sam 2:7-8 Mwen te onksyone ou Wa sou pèp SENYÈ a, sou Israël menm. Ou va frape lakay Achab, mèt ou a, pou Mwen kapab fè revandikasyon I Wa 18:4san a sèvitè mwen yo, pwofèt yo ak san a tout sèvitè SENYÈ yo, pa men Jézabel. ‘Paske tout lakay Achab va peri e I Wa 21:21Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib an Israël. I Wa 14:10-11Mwen va fè lakay Achab vin tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la e I Wa 16:3-12tankou lakay Basha, fis Achija a. 10  I Wa 21:23Chen ap manje Jézabel nan teritwa Jizréel la e nanpwen moun k ap antere li.’ ” Epi li te ouvri pòt la e te sove ale.
11 Alò Jéhu te sòti deyò kote sèvitè mèt li yo, e youn nan yo te di li: “Èske tout bagay byen? Poukisa Jr 29:26nonm fou sila a te vin kote ou a?” Epi li te di yo:
“Ou konnen nonm sila a avèk tout sa li pale yo.”
12 Yo te di:
“Sa se manti; pale nou koulye a.”
Epi li te di: “Li te di m, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te onksyone ou wa sou Israël” ’ ”.
13 Epi Mat 21:7-8yo te fè vit, chak moun te pran vètman pa yo, te plase yo anba li sou mach la, yo te I Wa 1:34-39soufle twonpèt la e yo t ap di: “Jéhu se wa a!”
14 Konsa Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a, te fè konplo kont Joram. I Wa 22:3Alò, Joram avèk tout Israël t ap defann Ramoth-Galaad kont Hazaël, wa Syrie a. 15 Men II Wa 8:29Wa Joram te fin retounen a Jizréel pou geri akoz blese ke Siryen yo te ba li lè li te goumen avèk Hazaël, wa Syrie a. Konsa, Jéhu te di: “Si sa se volonte ou, pa kite pèsòn chape kite vil la pou ale pale Jizréel.” 16 Alò, Jéhu te monte yon cha pou te ale Jizréel; paske, Joram te kouche la. II Wa 8:29Achazia, wa Juda a, te deja desann pou wè Joram. 17 Koulye a, gadyen an te kanpe sou fò Jizréel e li te wè konpanyen li, Jéhu, pandan li t ap vini, li te di: “Mwen wè yon konpanyen.”
Epi Joram te di: “Pran yon chevalye, voye li rankontre yo e kite li di: ‘Èske sa an pè?’ ”
18 Konsa, yon chevalye te ale rankontre li e te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’ ”
Epi Jéhu te di: II Wa 9:19-22“Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”
Konsa, gadyen an te bay rapò a. “Mesaje a te rive kote yo; men li pa t retounen.”
19 Li te voye yon dezyèm chevalye, ki te rive kote yo e te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’ ”
Epi Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”
20 Gadyen an te bay rapò a: “Lè te rive kote yo menm; men li pa t retounen; epi II Sam 18:27kondwi a se tankou kondwi a I Wa 19:17Jéhu, paske li kondwi tankou moun anraje.”
21 Alò Joram te di: “Fè cha a vin parèt.”
Epi yo te prepare cha li a. II Kwo 22:7Joram, wa Israël la, avèk Achazia, wa Juda a te sòti yo chak nan cha pa yo, yo te ale rankontre Jéhu e yo te twouve li sou tèren Naboth la, Jizreyelit la. 22 Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?”
Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, I Wa 16:30-33Kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”
23 Alò, Joram te frennen cha a tou vire e te sove ale. Li te pale Achazia: II Wa 11:14“Trayizon, O Achazia!”
24 Konsa, I Wa 22:34Jéhu te rale banza li ak tout fòs e te tire Joram antre bwa li. Flèch la te pase nan kè l e li te bese desann nan cha li. 25 Alò, Jéhu te pale ak Bidqar, adjwen li an: “Pran l e jete l nan I Wa 21:1chan Naboth la, Jizreyelit la, paske mwen sonje lè ou avèk mwen te monte kouri ansanm dèyè Achab, papa li, ke SENYÈ a te pwononse pawòl sa a kont li: 26  I Wa 21:13-19‘Anverite, Mwen te wè ayè, san Naboth la ak san a fis li yo,’ pale SENYÈ a, ‘epi, Mwen va rekonpanse ou nan teren sa a’, pale SENYÈ a. Alò, pou sa, pran l e jete l nan teren an, selon pawòl SENYÈ a.”
27  II Kwo 22:7Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki Jos 17:11Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri. 28  II Wa 23:30Sèvitè li yo te pote li nan yon cha rive Jérusalem e yo te antere li nan tonm pa li avèk zansèt li yo nan vil David la. 29 Alò, II Wa 8:25nan onzyèm ane règn Joram la, fis Achab la, Achazia te devni wa sou Juda.
30 Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa, Jr 4:30li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la. 31 Lè Jéhu te antre nan pòtay la, li menm Jézabel te di: I Wa 16:9-20“Èske tout bagay byen, Zimri, asasen mèt pa w la?”
32 Epi li te leve figi li vè fenèt la e te di: “Se kilès ki pou mwen? Kilès?”
Epi de oswa twa linik ren nan te gade anba kote li.
33 Li te di: “Jete li anba.”
Konsa, yo te jete li anba e kèk nan san li te vòltije jis sou miray la ak sou cheval yo; epi li te foule anba pye yo. 34 Lè li te antre, li te manje e bwè; epi li te di: “Okipe koulye a de I Wa 21:25fanm modi sila a e antere li paske I Wa 16:31se fi a wa a ke li ye.”
35 Yo te ale antere l; men yo pa t jwenn plis ke zo tèt la, pye yo avèk pla men yo. 36 Pou sa, yo te retounen pou te pale li.
Epi li te di: “Sa se pawòl SENYÈ a, ke Li te pale pa sèvitè li, Élie, Tichbit la, e Li te di: I Wa 21:23‘Nan teren Jizréel la, chen yo va manje chè Jézabel; 37 epi Jr 8:1-3kadav Jézabel va tankou fimye bèt sou sifas chan nan teren Jizréel la, jiskaske yo pa ka di: “Sa se Jézabel.” ’ ”

9:1 II Wa 2:3

9:1 I Sam 10:1

9:2 I Wa 19:16-17

9:3 II Kwo 22:7

9:4 II Wa 9:1

9:6 I Sam 2:7-8

9:7 I Wa 18:4

9:8 I Wa 21:21

9:9 I Wa 14:10-11

9:9 I Wa 16:3-12

9:10 I Wa 21:23

9:11 Jr 29:26

9:13 Mat 21:7-8

9:13 I Wa 1:34-39

9:14 I Wa 22:3

9:15 II Wa 8:29

9:16 II Wa 8:29

9:18 II Wa 9:19-22

9:20 II Sam 18:27

9:20 I Wa 19:17

9:21 II Kwo 22:7

9:22 I Wa 16:30-33

9:23 II Wa 11:14

9:24 I Wa 22:34

9:25 I Wa 21:1

9:26 I Wa 21:13-19

9:27 II Kwo 22:7

9:27 Jos 17:11

9:28 II Wa 23:30

9:29 II Wa 8:25

9:30 Jr 4:30

9:31 I Wa 16:9-20

9:34 I Wa 21:25

9:34 I Wa 16:31

9:36 I Wa 21:23

9:37 Jr 8:1-3