22
Pèp Jérusalem la te fè II Wa 8:24-29Achazia, pi piti fis li a, wa nan plas li, akoz bann mesye ki te vini ak Arab yo nan kan an te touye tout pi gran yo. Konsa Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a te kòmanse renye. Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa a e li te renye ennan Jérusalem. Non manman l te Athalie, fi a Omri. Li menm tou te mache nan chemen lakay Achab yo, paske manman li te konseye li pou fè mal. Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou Achab, paske yo te konseye li apre lanmò papa l, jiskaske sa te fin detwi li. Li te osi mache selon konsèy pa yo, e te ale avèk Joram, fis a Achab la, wa Israël la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad. Men II Wa 8:28Siryen yo te blese Joram. Pou sa, li te retounen pou geri nan Jizreel akoz blese ke yo te ba li nan Rama yo, lè li te fin goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann pou wè Joram, fis a Achab la Jizreel, akoz li te malad.
Alò, destriksyon Achazia te sòti nan Bondye akoz li te ale kote Joram. Paske lè l te desann, li te sòti avèk Joram kont Jéhu, fis a Nimschi a, II Wa 9:6-7 ke SENYÈ a te chwazi pou detwi lakay Achab. II Wa 10:11-14Li te vin rive ke lè Jéhu t ap egzekite jijman sou lakay Achab la, li te twouve chèf a Juda yo avèk fis a frè Achazia ki t ap sèvi Achazia yo, e li te touye yo. II Wa 9:27Anplis, li te chache Achazia, epi yo te kenbe li pandan li te kache Samarie a. Yo te mennen li kote Jéhu, yo te mete li a lanmò, e te antere li. Paske yo te di: “Li se fis a Josaphat, ki te chache SENYÈ a ak tout kè li a.” Konsa, pa t gen moun lakay Achazia pou te kenbe pouvwa wayòm nan.
10  II Wa 11:1-3Alò lè Athalie, manman Achazia a, te wè ke fis li a te mouri, li te leve e te detwi tout pitit wa lakay Juda yo. 11 Men Joschabeath, fi a wa a te pran fis a Achazia a e te rache li soti nan mitan fis a wa a ke yo t ap touye yo, e li te plase li avèk nouris li nan chanm dòmi an. Konsa, Joschabeath, fi a Wa Joram nan, madanm a Jehojada, prèt la (paske li te sè Achazia), te kache li pou Athalie pa t kab mete l a lanmò. 12 Li te kache yo lakay SENYÈ a pandan sizan pandan Athalie t ap renye sou peyi a.

22:1 II Wa 8:24-29

22:5 II Wa 8:28

22:7 II Wa 9:6-7

22:8 II Wa 10:11-14

22:9 II Wa 9:27

22:10 II Wa 11:1-3