23
II Wa 11:4-20Alò, nan setyèm ane, Jehojada te ranfòse tèt li, e te pran chèf a dè santèn yo: Azaria, fis a Obed la, Maaséja, fis a Adaja a ak Élischaphath, fis a Zicri a. Yo te antre nan yon akò avèk li. Yo te ale toupatou nan Juda pou te rasanble Levit soti nan tout vil Juda yo ak chèf lakay zansèt II Kwo 11:13-17Israël yo, e yo te vini Jérusalem. Konsa, tout asanble a te fè yon akò avèk wa a nan kay Bondye a. Epi Jehojada te di yo: “Gade byen, fis a wa a oblije renye, II Sam 7:12jan SENYÈ a te pale pa fis a David yo. Sa se bagay ke nou oblije fè: yon tyè nan nou, nan prèt avèk Levit I Kwo 9:25ki antre nan Saba yo, va sèvi kòm gadyen pòtay; yon tyè va kote lakay wa a, e yon tyè kote Pòtay Fondasyon an. Tout pèp la va nan lakou lakay SENYÈ a. Men pa kite pèsòn antre lakay SENYÈ a, sof ke prèt avèk I Kwo 23:28-32Levit k ap fè sèvis yo. Yo kab antre, paske yo sen, men tout pèp la va kenbe règleman a SENYÈ a. Levit yo va antoure wa a, chak mesye avèk zam yo nan men yo. Nenpòt moun ki antre nan kay la, fòk li mouri. Rete avèk wa a lè l antre ak lè l sòti.”
Konsa, Levit yo avèk tout Juda te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande yo a. Yo chak te pran mesye pa yo ki te gen pou antre anndan nan Saba a, avèk sila ki t ap sòti nan Saba yo, paske Jehojada, prèt la, pa t lage okenn nan I Kwo 24:1divizyon sòlda yo. Jehojada, prèt la, te bay a chèf dè santèn yo lans avèk gwo boukliye defans, ki te konn pou Wa David, ki te lakay Bondye a. 10 Li te estasyone tout pèp la, chak mesye yo avèk zam yo nan men yo, sòti nan kote dwat kay la jis rive nan kote goch kay la, toupre lotèl la, toupre kay la, antoure wa a nèt. 11 Epi yo te mennen fè parèt fis a wa a, yo te mete kouwòn nan sou li. Konsa, yo te ba li Egz 25:16-21temwayaj pou te fè l wa. Jehojada avèk fis li yo te onksyone li, e yo te di ansanm: “Viv wa a!”
12 Lè Athalie te tande bwi a pèp la ki t ap kouri ak bay lwanj a wa a, li te antre lakay SENYÈ a kote pèp la. 13 Li te gade e vwala, wa a te kanpe akote pilye li nan antre a, e chèf yo avèk mesye twonpèt yo te akote wa a. Epi tout pèp peyi a te rejwi. Yo te soufle twonpèt yo e chantè avèk enstriman yo pou dirije lwanj lan. Athalie te chire rad li, e te di: “Trayizon! Trayizon!”
14 Jehojada, prèt la te mennen fè sòti chèf a dè santèn ki te chwazi sou lame yo. Li te di yo: “Mennen li deyò antre ranje yo, epi nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mouri lakay SENYÈ a.” 15 Konsa, yo te sezi li e lè li te rive kote antre Né 3:28Pòtay Cheval la, lakay wa a, yo te mete li a lanmò la.
16 Epi II Wa 11:17Jehojada te fè yon akò antre li menm avèk tout pèp la, e avèk wa a, pou yo ta pèp a SENYÈ a. 17 Konsa, tout pèp la te ale kote kay Baal la. Yo te chire, kase an mòso lotèl li yo, avèk imaj li yo, e yo te Det 13:6-9touye Matthan, prèt Baal la devan lotèl yo. 18 Anplis, Jehojada te mete ofisye lakay SENYÈ yo anba otorite prèt Levit yo, I Kwo 23:6ke David te apwente sou lakay SENYÈ a, pou ofri ofrann brile a SENYÈ, jan sa ekri nan lalwa Moïse la—-avèk anpil rejwisans ak chante selon lòd a David la. 19 Li te estasyone I Kwo 9:22gadyen pòtay yo lakay SENYÈ a, pou pèsòn pa t kab antre, si pou nenpòt rezon li pa t pwòp. 20  II Wa 11:19Li te pran chèf a dè santèn yo, moun enpòtan yo, moun ki te gouvène pèp la, tout pèp peyi a, e yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a pou te antre pa wo pòtay la pou antre lakay wa a. Konsa, yo te mete wa a sou twòn wayal la. 21  II Wa 11:20 Tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò avèk nepe.

23:1 II Wa 11:4-20

23:2 II Kwo 11:13-17

23:3 II Sam 7:12

23:4 I Kwo 9:25

23:6 I Kwo 23:28-32

23:8 I Kwo 24:1

23:11 Egz 25:16-21

23:15 Né 3:28

23:16 II Wa 11:17

23:17 Det 13:6-9

23:18 I Kwo 23:6

23:19 I Kwo 9:22

23:20 II Wa 11:19

23:21 II Wa 11:20