21
I Wa 22:50Alò, Josaphat te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la; e Joram, fis li a, te vin wa nan plas li. Joram te gen frè, fis a Josaphat yo: Azaria, Micaël, avèk Schephathia. Tout sila yo te fis a Josaphat, wa II Kwo 12:6Israël la. Papa yo te ba yo anpil kado an ajan, lò, avèk bagay presye, II Kwo 11:5 avèk vil fòtifye nan Juda, men li te bay wayòm nan a Joram akoz li te premye ne. Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te Jen 4:8touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou. II Wa 8:17-22Joram te gen trann-dezan lè l te devni wa e li te renye pandan uitan Jérusalem. I Wa 12:28-30Li te mache nan chemen a wa Israël yo, menm jan avèk lakay Achab, ( II Kwo 18:1paske fi Achab la te madanm li) e li te fè mal nan zye a SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e II Sam 7:12-17akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan.
Pandan jou li yo, II Kwo 20:22-23Édom te fè rebèl kont otorite Juda yo, e yo te etabli yon wayòm pou kont yo. Konsa, Joram te travèse avèk chèf li yo ak tout cha li yo avèk li. Li te leve pandan nwit lan, e li te touye Edomit ki te antoure li yo, avèk chèf a cha yo. 10 Akoz sa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive Jodi a. Epi Libna te fè rebèl menm lè a kont otorite li, akoz li te bliye SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo.
11 Anplis, I Wa 11:7li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan Lev 20:5jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout. 12 Pou sa a, yon lèt te vin kote li soti nan men Élie, pwofèt la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a papa zansèt ou a, David: ‘Akoz II Kwo 17:3-4 ou pa t mache nan chemen a Josaphat, papa ou, ak nan chemen Asa, wa Juda a, 13 men ou te mache nan chemen wa Israël yo, e ou te fè Juda avèk pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, I Wa 16:31-33jan lakay Achab te jwe pwostitisyon an. Anplis, ou te touye frè ou yo, pwòp fanmi pa w, ki te pi bon pase ou. 14 Pou sa a, men gade, SENYÈ a va frape pèp ou a, fis ou yo, madanm ou yo ak tout byen ou yo avèk gwo malè. 15  II Kwo 21:18-19Ou va vin soufri yon maladi ki rèd, yon maladi zantray ou, jiskaske zantray ou vin sòti akoz maladi a.’ ”
16 SENYÈ a te II Kwo 17:11 boulvèse lespri Filisten yo kont Joram, ansanm ak Arab yo ki te nan lizyè Etyopyen yo. 17 Yo te vini kont Juda pou te atake li, e yo te fè pote ale tout posesyon ke yo te jwenn lakay wa a, ansanm avèk fis li yo, ak madanm li yo, jiskaske pa t gen fis ki te rete pou li, sof II Kwo 25:23Joachaz, pi piti nan fis li yo.
18 Konsa, apre tout bagay sa a, SENYÈ a te frape li II Kwo 21:15nan zantray li avèk yon maladi ki pa t kab geri. 19 Alò, li te vin rive pandan tan ekoule a, nan fen dezan, ke zantray li te sòti akoz maladi li a, e li te mouri avèk gwo doulè. Epi pèp li a pa t fè dife pou li tankou II Kwo 16:14dife yo te fè pou papa zansèt li yo. 20 Li te gen trann-dezan lè l te vin wa e li te renye Jérusalem pandan uitan. Lè l te mouri li te Jr 22:18-28san regrè a pèsòn. Yo te antere li lavil David, II Kwo 24:25 men pa nan tonm a wa yo.

21:1 I Wa 22:50

21:2 II Kwo 12:6

21:3 II Kwo 11:5

21:4 Jen 4:8

21:5 II Wa 8:17-22

21:6 I Wa 12:28-30

21:6 II Kwo 18:1

21:7 II Sam 7:12-17

21:8 II Kwo 20:22-23

21:11 I Wa 11:7

21:11 Lev 20:5

21:12 II Kwo 17:3-4

21:13 I Wa 16:31-33

21:15 II Kwo 21:18-19

21:16 II Kwo 17:11

21:17 II Kwo 25:23

21:18 II Kwo 21:15

21:19 II Kwo 16:14

21:20 Jr 22:18-28

21:20 II Kwo 24:25