18
Alò Josaphat te gen gwo richès avèk lonè; epi li te fè alyans avèk Achab pa maryaj. I Wa 22:2-35Kèk ane pita, li te desann kote Achab Samarie. Konsa, Achab te touye anpil mouton avèk bèf pou li avèk moun ki te avèk li yo, e li te konvenk li monte kont Ramoth-Galaad. Achab, wa Israël la, te di a Josaphat, wa Juda a: “Èske ou va monte avèk mwen kont Ramoth-Galaad?”
Konsa, li te di li: “Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, nou avèk ou nan batay la.” Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè ankèt avan pou pawòl SENYÈ a.”
Epi wa Israël la te rasanble tout pwofèt yo, kat-san mesye. Li te di yo: “Èske nou dwe monte kont Ramoth-Galaad pou batay, oswa èske mwen dwe fè bak?”
Epi yo te reponn: “Ale monte, paske Bondye va livre li nan men a wa a.”
Men Josaphat te di: “Èske pa gen toujou yon pwofèt SENYÈ a pou nou kab mande sa?”
Wa Israël la te di a Josaphat: “Gen youn toujou ke nou kab fè demann a SENYÈ a, men mwen rayi li, paske li pa janm pwofetize sa ki bon pou mwen, men toujou, mal. Li se Michée, fis Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a pale konsa.”
Konsa, wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Fè vit, mennen Michée, fis Jimla a.”
Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita yo chak sou twòn yo, abiye ak manto yo. Yo te chita Rt 4:1kote glasi vannen an nan antre pòtay Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo. 10 Sédécias, fis a Kenaana a, te fè kòn an fè pou kont li. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Avèk sila yo, ou va frennen Siryen yo, jiskaske yo fin detwi nèt.’ ”
11 Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa. Yo t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e reyisi, paske SENYÈ a va livre li nan men a wa a.”
12 Konsa, mesaje ki te ale fè demand prezans Michée a te pale avèk li. Li te di: “Gade byen, pawòl a pwofèt yo favorab nèt pou wa a. Konsa, souple, kite pawòl ou fèt tankou pa yo a e pale anfavè li.”
13 Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, Nonb 22:18-35sa ke Bondye mwen an di, se sa mwen va pale.”
14 Lè li te rive kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe monte Ramoth-Galaad pou batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?”
Li te di: “Ale monte e reyisi, paske yo va livre nan men ou.”
15 Epi wa a te di li: “Konbyen fwa mwen oblije fè demann ke ou pa pale anyen sof ke laverite nan non SENYÈ a?”
16 Konsa, li te reponn: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo És 35:4-8tankou mouton ki pa t gen bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’ ”
17 Wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal?”
18 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a: És 6:1-5Mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou twòn li an ak tout lame syèl la ki te kanpe adwat Li ak agoch Li. 19 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab, wa Israël la, pou monte tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sa, pandan yon lòt te di yon lòt bagay. 20 Alò, yon Job 1:16 lespri te parèt e te kanpe devan SENYÈ a. Li te di: Mwen va sedwi li.’ ”
“Epi SENYÈ a te di: ‘Kijan’?
21 “Li te reponn: ‘Mwen va ale fè l tankou yon Jn 8:44lespri manti nan bouch a tout pwofèt li yo.’
“Epi Li te di: ‘Ou dwe sedwi li e genyen li tou. Ale fè sa.’
22 “Alò, pou sa, gade byen, És 19:14SENYÈ a te mete yon lespri manti nan bouch a sila yo, pwofèt ou yo, paske SENYÈ a te pwoklame dega kont ou.”
23 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a, te pwoche. Li te Jr 20:2frape Michée sou machwè l e te di: “Ki kote chemen Lespri SENYÈ a te fè kite mwen pou pale avè w?”
24 Michée te di: “Gade byen, nan jou ke ou antre nan chanm anndan pou kache kò ou la, ou va wè sa.”
25 Alò, wa Israël la te di: II Kwo 18:8“Pran Michée e fè l retounen kote Amon, majistra vil la ak Joas, fis a wa a. 26 Di yo: ‘Konsa pale wa a: II Kwo 16:10“Mete nonm sila a nan prizon a, e ba li tikras pen ak dlo jiskaske m retounen anpè.” ’ ”
27 Michée te di: “Si, anverite, ou ta retounen anpè, SENYÈ a pa t vrèman pale avèk mwen.” Li te di: Mi 1:2“Koute byen, tout pèp yo!”
28 Konsa, wa Israël avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad. 29 Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen pou antre nan batay la, e ou menm, mete pwòp manto ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li, e yo te antre nan batay la. 30 Alò, wa Syrie a te kòmande chèf a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men avèk wa Israël la sèlman.”
31 Pou sa, lè chèf a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Li se wa Israël la,” e yo te vire akote pou goumen kont li. Men Josaphat te II Kwo 13:14-15kriye anmwey, e SENYÈ a te fè l sekou. Bondye te angaje yo pou yo te kite l. 32 Lè chèf cha yo te wè ke se pa t wa Israël la, yo te retounen pa swiv li. 33 Yon sèten nonm te rale banza li pa aza, e te frape wa Israël la nan yon kwen nan pwotèj kò a. Konsa, li te pale a chofè cha a: “Vire tounen e fè m sòti nan batay la, paske mwen blese byen grav.” 34 Batay la te chofe byen rèd tout jounen an e wa Israël te fòse pou l te kab kanpe nan cha li a devan Siryen yo jis rive nan aswè; epi nan kouche solèy la, li te mouri.

18:2 I Wa 22:2-35

18:9 Rt 4:1

18:13 Nonb 22:18-35

18:16 És 35:4-8

18:18 És 6:1-5

18:20 Job 1:16

18:21 Jn 8:44

18:22 És 19:14

18:23 Jr 20:2

18:25 II Kwo 18:8

18:26 II Kwo 16:10

18:27 Mi 1:2

18:31 II Kwo 13:14-15