19
Konsa, Josaphat, wa a te retounen sof a lakay li Jérusalem. Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: II Kwo 18:1-3“Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e II Kwo 24:18konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou? Men II Kwo 12:12gen kèk bagay ki bon nan ou tou, paske II Kwo 17:6ou te retire Astarté a soti nan peyi ou a e ou te bay kè ou pou chache Bondye.”
Konsa, Josaphat te rete Jérusalem e li te sòti deyò ankò pami pèp la soti Beer-Schéba jis rive nan peyi ti mòn a Éphraïm yo. Epi konsa, li te II Kwo 15:8-13mennen yo retounen a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. Li te chwazi Det 16:18-20jij nan peyi a nan tout vil fòtifye Juda yo, vil pa vil. Li te pale a jij yo: “Kontwole sa ke n ap fè a, paske Lev 19:15nou pa jije pou yon moun, men pou SENYÈ ki avèk nou an pandan n ap rann jijman an. Pou sa, kite lakrent SENYÈ a rete sou nou. Fè anpil atansyon nan sa n ap fè a, paske SENYÈ a, Bondye nou an, p ap patisipe nan sa ki pa dwat, nan Det 10:17-18patipri, ni nan lajan ki pase anba tab.”
Nan Jérusalem osi, Josaphat te apwente II Kwo 17:8-9kèk nan Levit yo avèk prèt yo ak kèk nan chèf lakay zansèt Israël yo, pou fè jijman SENYÈ a, e pou jije konfli pami moun ki te rete Jérusalem yo. Li te pase lòd bay yo. Li te di: “Konsa nou va gen lakrent SENYÈ a, avèk fidelite e avèk tout kè. 10  Det 17:8Nenpòt lè yon konfli rive devan nou soti nan manm fanmi nou yo ki rete nan vil yo, antre san ak san, antre lalwa avèk kòmandman yo, règleman avèk òdonans yo, nou va avèti yo pou yo pa vin koupab devan SENYÈ a, e pou kòlè pa rive sou nou avèk fanmi nou. 11 Kontwole byen, Amaria, chèf prèt la, va chèf sou nou nan tout sa ki apatyen a SENYÈ a, e Zebadia, fis Ismaël la, chèf lakay Juda a, nan tout sa ki apatyen a wa a. Osi, Levit yo va aji kòm ofisye devan nou. I Kwo 28:20Aji avèk kouraj, e SENYÈ a va avèk sila ki fè sa ki jis yo.”

19:2 II Kwo 18:1-3

19:2 II Kwo 24:18

19:3 II Kwo 12:12

19:3 II Kwo 17:6

19:4 II Kwo 15:8-13

19:5 Det 16:18-20

19:6 Lev 19:15

19:7 Det 10:17-18

19:8 II Kwo 17:8-9

19:10 Det 17:8

19:11 I Kwo 28:20