20
Alò, li te vin rive apre sa ke fis Moab yo avèk fis Ammon yo, ansanm avèk kèk nan I Kwo 4:41Maonit yo te vini pou fè lagè kont Josaphat. Kèk moun te vin bay rapò a Josaphat e te di: “Yon gran foul ap pwoche kont ou soti lòtbò lanmè Syrie. Gade byen, yo rive Jen 14:7Hatsatson-Thamar” (ki En-Guédi a). Josaphat te byen pè. Li te II Kwo 19:3vire atansyon li pou chache SENYÈ a, e te pwoklame yon jèn toupatou nan Juda. Konsa, Juda te rasanble ansanm pou Jl 1:14chache èd SENYÈ a. Yo te sòti menm nan tout vil a Juda yo pou chache SENYÈ a.
Konsa, Josaphat te kanpe nan asanble Juda a avèk Jérusalem, lakay SENYÈ a devan tribinal nèf la. Li te di: “O SENYÈ, Bondye a zansèt pa nou yo, èske se pa Ou menm ki Bondye nan Syèl yo? I Kwo 29:11Èske se pa Ou menm ki renye sou tout wayòm a nasyon yo? Pwisans avèk majeste, se nan men Ou, jiskaske nanpwen moun ki kab kanpe kont Ou. Èske se pa Ou menm, O Bondye nou an, ki te chase tout sila ki te rete nan peyi sa a devan pèp Ou a, Israël pou És 41:8bay li a desandan Abraham yo, zanmi Ou an, jis pou tout tan? Yo te abite ladann, yo te bati sanktyè Ou a la pou non Ou, e yo te di: II Kwo 6:28-30‘Si mechanste ta vini sou nou, nepe, oswa jijman, oswa epidemi, oswa gwo grangou, nou va kanpe devan kay sila a e devan Ou menm, (paske non pa Ou sou kay sa a) pou kriye a Ou menm nan twoub nou yo, ke Ou va tande pou delivre nou.’ 10 Alò, gade, fis a Ammon yo avèk Moab avèk Mòn Séir, Nonb 20:17-21kilès ou te anpeche Israël pran lè yo te sòti nan peyi Égypte la. Konsa, yo te vire akote e yo pa t detwi yo. 11 Gade, koulye a, jan y ap rekonpanse nou lè yo Sòm 83:12vin parèt pou chase nou mete deyò soti nan posesyon ke Ou te bannou kòm eritaj la. 12 O Bondye nou, Jij 11:27èske Ou p ap jije yo? Paske nou san pouvwa devan gran foul sila a k ap vini kont nou an. Ni nou pa konnen kisa pou nou fè, men zye nou ap gade sou Ou.”
13 Tout Juda te kanpe devan SENYÈ a avèk ti bebe yo, madanm yo ak zanfan yo.
14 Alò, nan mitan asanble a, II Kwo 15:1Lespri SENYÈ a te vini sou Jachaziel, fis a Zacharie a, fis a Benaja a, fis a Jeïel la, fis a Matthania a, Levit la ak fis a Asaph yo. 15 Epi li te di: “Koute, tout Juda avèk pèp Jérusalem nan ak Wa Josaphat: konsa pale SENYÈ a a nou menm: ‘Pa pè, ni pa pèdi kouraj akoz gran foul sila a, paske I Sam 17:47batay la pa pou nou, men se pou Bondye li ye. 16 Demen, desann kont yo. Tande byen, yo va vin monte kote pant ti mòn Tsits lan, e nou va jwenn yo nan dènye pwent vale a devan dezè Jeruel la. 17 Nou pa bezwen goumen nan batay sila a. Pran pozisyon nou e Egz 14:13kanpe gade delivrans SENYÈ a anfavè nou, O Juda, avèk Jérusalem. Pa pè, ni pa pèdi kouraj. Demen sòti pou parèt devan yo, paske SENYÈ a avèk nou.’ ”
18 Josaphat te Egz 4:31bese tèt li jis atè, e tout Juda avèk moun Jérusalem yo te tonbe atè devan SENYÈ a, pou adore Li. 19 Levit ki te nan fis a Keatit yo, e nan fis a Koreyit yo, te kanpe pou louwe SENYÈ a, Bondye Israël la, nan yon trè gwo vwa.
20 Yo te leve granmmaten, e yo te sòti deyò nan dezè Tekoa a. Pandan yo tap sòti, Josaphat te kanpe. Li te di: “Koute mwen, O Juda avèk moun Jérusalem yo, És 7:9mete konfyans nou nan SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va etabli. Mete konfyans nou nan pwofèt Li yo, e nou va vin reyisi.”
21 Lè li te fin konsilte pèp la, li te chwazi sila ki te chante a SENYÈ yo avèk sila ki te I Kwo 16:29fè louwanj nan vètman sen yo, pandan yo t ap sòti devan lame a. Yo t ap di: “Bay remèsiman a SENYÈ a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.” 22 Depi lè a, yo te kòmanse chante ak bay louwanj, SENYÈ a te II Kwo 13:13mete anbiskad kont fis a Ammon yo, Moab avèk Mòn Séir, ki te vini kont Juda yo epi yo te vin boulvèse. 23 Paske fis Ammon yo avèk Moab yo te leve kont fis Mòn Séir yo pou te detwi yo nèt. Lè yo te fini avèk moun Mòn Séir yo, yo te Jij 7:22asiste pou detwi youn lòt.
24 Lè Juda te rive nan wotè sou dezè a, yo te gade vè gwo foul la, epi vwala, te gen kadav ki te kouche atè a. Okenn pa t chape. 25 Lè Josaphat avèk pèp li a te vini pran piyaj la, yo te twouve anpil bagay pami yo; byen, vètman ak bagay valab ke yo te pran pou yo menm, plis pase yo ta kab pote. Yo te pran twa jou pou ranmase piyaj la, paske li te tèlman anpil. 26 Nan katriyèm jou a, yo te fè asanble nan vale Beraca a. La, yo te beni SENYÈ a. Akoz sa, yo te rele plas sa a: “Vale Beraca a” jis rive jodi a. 27 Tout mesye Juda avèk Jérusalem yo te retounen avèk Josaphat sou tèt la. Yo te retounen Jérusalem avèk kè kontan, Né 12:43 paske SENYÈ a te fè yo rejwi sou lènmi yo. 28 Yo te vini Jérusalem avèk ap, gita yo ak twonpèt pou rive vè kay SENYÈ a. 29  II Kwo 14:14Lakrent Bondye te sou tout wayòm a lòt peyi yo lè yo te tande ke SENYÈ a te goumen kont lènmi Israël yo. 30 Konsa, wayòm Josaphat a te gen lapè, II Kwo 14:6-7paske Bondye li a te ba li repo tout kote.
31  I Wa 22:41-43Alò, Josaphat te renye sou Juda. Li te gen laj a trann-senk ane lè l te devni wa a e li te renye Jérusalem pandan venn-senkan. Non manman l se te Azuba, fi a Schilchi a. 32 Li te mache nan chemen papa li, Asa, e li pa t kite li. Li te toujou fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a. 33 Sepandan, II Kwo 17:6wo plas yo pa t retire. Pèp la potko dirije kè yo vè Bondye a zansèt yo a.
34 Alò, tout lòt zèv a Josaphat yo, soti nan premye jis rive nan dènye a, gade byen, yo ekri nan rejis a II Kwo 19:2Jéhu, fis a Hanani, ki enskri nan Liv Wa Israël Yo.
35  I Wa 22:48-49Apre sa, Josaphat, wa Juda a te fè alyans avèk Achazia, wa Israël la. Li te aji mal nan fè bagay sa a. 36 Konsa, li te alinye li avèk li pou fè bato yo rive II Kwo 9:21Tarsis e yo te fè bato yo rive nan Etsjon-Guéber. 37 Epi Éliézer, fis a Dodava a nan Maréscha, te pwofetize kont Josaphat. Li te di: “Akoz ou te fè alyans avèk Achazia, SENYÈ a te detwi zèv ou yo.” Pou sa, bato yo te kraze, e yo pa t kab ale Tarsis.

20:1 I Kwo 4:41

20:2 Jen 14:7

20:3 II Kwo 19:3

20:4 Jl 1:14

20:6 I Kwo 29:11

20:7 És 41:8

20:9 II Kwo 6:28-30

20:10 Nonb 20:17-21

20:11 Sòm 83:12

20:12 Jij 11:27

20:14 II Kwo 15:1

20:15 I Sam 17:47

20:17 Egz 14:13

20:18 Egz 4:31

20:20 És 7:9

20:21 I Kwo 16:29

20:22 II Kwo 13:13

20:23 Jij 7:22

20:27 Né 12:43

20:29 II Kwo 14:14

20:30 II Kwo 14:6-7

20:31 I Wa 22:41-43

20:33 II Kwo 17:6

20:34 II Kwo 19:2

20:35 I Wa 22:48-49

20:36 II Kwo 9:21