6
I Wa 8:12-50Epi Salomon te di:
“SENYÈ a te di ke Li ta
abite nan nwaj fonse a.
Mwen te bati yon kay byen wo
ak yon plas pou abitasyon pa W
Jis pou tout tan.”
Konsa, wa a te vire fas li pou te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble a te kanpe.
Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch Li a papa m, David, e ki te acheve sa avèk men Li, lè li te di: ‘Depi jou ke M te mennen pèp Mwen an sòti nan peyi Égypte la, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou bati yon kay pou non Mwen ta kapab la, ni Mwen pa t chwazi yon moun kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël; men II Kwo 12:13Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen I Kwo 28:4te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’ I Wa 5:3Alò, li te nan kè a papa m, David, pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati kay pou non Mwen an, ou te fè byen lè sa te nan kè ou a. Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm, li va bati kay la pou non Mwen.’ ”
10 “Koulye a, SENYÈ a gen tan fin akonpli pawòl ke Li te pale a. Paske mwen te monte nan plas a papa m David, pou chita sou twòn Israël la, jan SENYÈ a te pale a, e te bati kay la pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. 11 La, mwen te mete lach II Kwo 5:7-10ki gen akò SENYÈ a ladann nan, akò ke Li te fè avèk fis Israël yo.”
12 Konsa, li te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li. 13 Alò, Salomon te fè yon etaj an bwonz, senk koude nan longè, senk koude nan lajè ak twa koude nan wotè e li te plase li nan mitan gran lakou a. Epi li te kanpe sou li, li I Wa 8:54te mete li ajenou nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li vè syèl la. 14 Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, Egz 15:11nanpwen dye tankou Ou nan syèl la ni sou tè a, k ap Det 7:9kenbe akò avèk lanmou dous avèk sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo; 15  I Kwo 22:9-10ki te kenbe pawòl avèk sèvitè Ou, David, papa m, nan sa ke Ou te pwomèt li a. Anverite, Ou te pale avèk bouch Ou, e Ou te akonpli li avèk men Ou, jan sa ye jodi a.
16 “Pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, sa ke ou te pwomèt li a. Ou te di: I Wa 2:4‘Ou p ap manke yon nonm ki pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo fè atansyon nan chemen yo, pou mache nan lalwa pa Mwen, jan ou te mache devan M nan.’ 17 Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kite pawòl Ou konfime nan sa Ou te pale a sèvitè Ou a, David.
18 “Men Sòm 113:5-6 èske Bondye va vrèman rete avèk lòm sou tè a? Gade byen, syèl la avèk pi wo syèl la pa kab kenbe Ou; bokou mwens, pou kay sa a ke m te konstwi a. 19 Malgre sa, prete atansyon a lapriyè a sèvitè Ou a, avèk sa li mande a, O SENYÈ Bondye mwen an, pou koute lè m kriye ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou; 20 pou zye Ou kapab ouvri vè kay sa a lajounen kon lannwit, vè Det 12:11plas sou sila Ou te di ke Ou ta mete non Ou la, pou koute lapriyè ke sèvitè Ou a va fè vè plas sa a. 21 Koute a siplikasyon a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël, lè yo priye vè plas sa a; koute depi nan abitasyon Ou an, nan syèl la; És 43:25 e lè Ou koute, padone.
22 “Si yon nonm peche kont vwazen li, pou li oblije sèmante e li vin fè yon sèman devan lotèl Ou nan kay sila a, 23 alò, tande soti nan syèl la e aji pou jije sèvitè Ou yo, avèk És 3:11pinisyon pou mechan an k ap fè chemen pa li vin tonbe sou pwòp tèt li, epi pou rann jistis a sila ki dwat yo e ba li selon ladwati li.
24 “Si pèp Ou a ta vin bat devan yon lènmi akoz Sòm 51:4peche ke yo konn fè kont Ou, e yo retounen kote Ou pou konfese non Ou; si yo priye devan Ou e fè siplikasyon devan Ou nan kay sa a, 25 alò, koute soti nan syèl la, e padone peche a pèp Ou a, Israël. Mennen yo retounen nan peyi ke Ou te bay a yo menm avèk zansèt pa yo.
26 “Lè I Wa 17:1syèl yo vin fèmen e nanpwen lapli akoz peche ke yo fè kont Ou, si yo fè lapriyè vè plas sa a e konfese non Ou, pou yo vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo; 27 alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël. Anverite, Sòm 94:12enstwi yo selon bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, epi voye lapli sou tè ke Ou te bay a pèp Ou a kòm eritaj la.
28 “Si gen II Kwo 20:9gwo grangou nan peyi a, si se gwo maladi, si gen gwo dega jaden ak bèt, oswa kanni, si gen krikèt oswa bèt volan, si lènmi yo fè syèj a yo menm nan teren vil yo, nenpòt toumant, nenpòt maladi, 29 nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Ou a, Israël, chak moun ki konnen pwòp soufrans li ak pwòp doulè li e ki vin ouvri men li vè kay sila a, 30 nan lè sa a, koute depi nan syèl la, abitasyon pa Ou a, epi padone e bay a chak moun selon pwòp chemen li, kè a sila Ou konnen yo I Sam 16:7(paske Ou menm sèl konnen kè a fis a lòm yo), 31 pou yo ta kapab gen lakrent Ou, pou mache nan chemen Ou yo pou tout tan ke yo rete nan peyi ke Ou te bay a zansèt nou yo.
32 “Anplis, selon És 56:3-8etranje ki pa sòti nan pèp Ou a, Israël, lè li sòti nan yon peyi lwen, akoz gran non pa Ou, avèk men pwisan Ou ak bwa Ou ki lonje byen ouvri a, lè yo vini fè lapriyè vè kay sila a, 33 alò, koute depi nan syèl la, depi abitasyon Ou a, e fè selon tout sa ke etranje sila a vin mande Ou, jis pou tout pèp sou latè yo kapab konnen non Ou e gen lakrent ou, jan pèp Israël Ou a konn fè a, pou yo kapab rekonèt ke kay sila ke m te bati a II Kwo 7:14rele pa non Ou.
34 “Lè pèp Ou a sòti pou batay kont lènmi yo, pa nenpòt chemen ke Ou ta voye yo, e yo priye a Ou menm vè vil sila ke Ou te chwazi ak kay ke m te bati pou non Ou a, 35 nan lè sa a, koute lapriyè yo soti nan syèl la avèk siplikasyon yo, e bay soutyen a koz pa yo.
36 “Lè yo fè peche kont Ou Job 15:14-16(paske nanpwen lòm ki pa peche), epi Ou fache avèk yo jis Ou livre yo a yon lènmi, e yo pran yo mete an kaptivite nan yon peyi lwen, oswa pre; 37 si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen an kaptivite a, repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi kaptivite yo a, e di: ‘Nou te peche, nou fè inikite e te aji avèk mechanste;’ 38  Jr 29:12-13si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo, avèk tout nanm yo soti nan peyi kaptivite yo a, kote yo te mennen yo an kaptivite a, e priye vè peyi yo a ke Ou te bay a zansèt yo, ak vil ke Ou te chwazi a, e vè kay ke m te bati pou non Ou a, 39 alò, tande, depi nan syèl la, depi nan abitasyon pa Ou a, lapriyè pa yo, avèk siplikasyon pa yo, e bay soutyen a koz pa yo, epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou.
40 “Koulye a, O Bondye mwen, mwen priye, Né 1:6-11kite zye Ou louvri e Sòm 17:1zòrèy ou vin atantif a lapriyè sa a, ki fèt nan plas sa a.
41  Sòm 132:8-9“Alò, pou sa, leve, O SENYÈ Bondye, a plas repo pa Ou a, Ou menm avèk lach pwisan pa Ou a. Kite prèt Ou yo, SENYÈ Bondye, abiye avèk sali, e kite fidèl Ou yo rejwi nan tout sa ki bon.
42 “O SENYÈ Bondye, pa vire kite fas a onksyone pa Ou a. Sòm 132:10-12Sonje lanmou dous Ou vè sèvitè Ou a, David.”

6:1 I Wa 8:12-50

6:6 II Kwo 12:13

6:6 I Kwo 28:4

6:7 I Wa 5:3

6:11 II Kwo 5:7-10

6:13 I Wa 8:54

6:14 Egz 15:11

6:14 Det 7:9

6:15 I Kwo 22:9-10

6:16 I Wa 2:4

6:18 Sòm 113:5-6

6:20 Det 12:11

6:21 És 43:25

6:23 És 3:11

6:24 Sòm 51:4

6:26 I Wa 17:1

6:27 Sòm 94:12

6:28 II Kwo 20:9

6:30 I Sam 16:7

6:32 És 56:3-8

6:33 II Kwo 7:14

6:36 Job 15:14-16

6:38 Jr 29:12-13

6:40 Né 1:6-11

6:40 Sòm 17:1

6:41 Sòm 132:8-9

6:42 Sòm 132:10-12