7
I Wa 8:54Alò, lè Salomon te fin fè priyè a, Lev 9:23dife a te sòti nan syèl la pou te boule ofrann brile a avèk sakrifis yo; e glwa a SENYÈ a te ranpli kay la. II Kwo 5:14Prèt yo pa t kab antre lakay SENYÈ a akoz glwa SENYÈ a te ranpli kay la. Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di:
II Kwo 5:13“Konsa Li bon,
paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”
I Wa 8:62-63Epi wa a avèk tout pèp la te ofri sakrifis devan SENYÈ a. Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a. Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e I Kwo 15:16-21Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. II Kwo 5:12Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe.
I Wa 8:64-66Salomon te konsakre mitan lakou ki te devan kay SENYÈ a pou fè l sen. Paske la, li te ofri ofrann brile ak grès ofrann lapè yo akoz lotèl an bwonz ke Salomon te fè a pa t kab kenbe ofrann brile a, ofrann sereyal la ak grès la.
Konsa, I Wa 8:65Salomon te obsève fèt la nan tan sa a pandan sèt jou e tout Israël avèk li; yon trè gran asanble ki te sòti depi nan antre Hamath jis rive nan Jen 15:18flèv Égypte la.
Nan uityèm jou a, yo te kenbe yon Lev 23:36asanble solanèl pou obsève dedikasyon lotèl la. Yo te obsève l pou sèt jou, e fèt la pandan sèt jou. 10 Epi sou venn-twazyèm jou nan setyèm mwa a, li te voye pèp la nan tant yo, ranpli avèk jwa e avèk kè kontan, akoz bonte ke SENYÈ a te montre a David, a Salomon e a pèp Li a, Israël.
11  Lev 23:36Se konsa Salomon te fini kay SENYÈ a avèk palè wa a, e li te acheve nèt tout sa ke li te fè plan pou fè lakay SENYÈ a ak nan kay pa li a.
12 Konsa, SENYÈ a te parèt a Salomon nan nwit lan. Li te di l: “Mwen te tande lapriyè ou a, e Det 12:5-11Mwen te chwazi plas sa a pou Mwen menm kòm yon kay sakrifis.
13  II Kwo 6:26-28“Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an, 14  II Kwo 6:37-39epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo. 15  II Kwo 6:20-40Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a. 16 Paske II Kwo 7:12koulye a, Mwen gen tan chwazi e konsakre kay sila a pou non Mwen kapab la jis pou tout tan. Zye Mwen ak kè Mwen va la pou tout tan.
17 “Epi pou ou menm, si ou mache devan M tankou papa ou, David te mache a, fè selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo, e kenbe règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, 18 alò, Mwen va etabli twòn wayal ou a jan Mwen te sèmante a David la, lè M te di: I Wa 2:4‘Ou p ap manke yon nonm ki pou gouvène an Israël.’
19  Lev 26:14-33“Men si ou vire kite e abandone règleman Mwen yo, avèk kòmandman ke M te mete devan ou yo, pou ale sèvi lòt dye yo e adore yo, 20 alò, Mwen va dechouke ou soti nan peyi ke M te ba ou a, ak kay sa a, ke Mwen te konsakre pou non pa Mwen an, Mwen va jete l andeyò vizaj Mwen, e Mwen va fè li yon pwovèb ak yon rizib pami tout pèp yo. 21 Epi pou kay sila a, ki egzalte tèlman wo, tout moun ki pase kote li va etone e va di: Det 29:24-27“Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a, e a kay sila a? 22 Epi konsa, yo va reponn: ‘Akoz Jij 2:13 yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo soti nan peyi Égypte la, pou yo te adopte lòt dye yo, e te adore yo e te sèvi yo. Se pou sa, Li te mennen tout mal sila a sou yo.’ ”

7:1 I Wa 8:54

7:1 Lev 9:23

7:2 II Kwo 5:14

7:3 II Kwo 5:13

7:4 I Wa 8:62-63

7:6 I Kwo 15:16-21

7:6 II Kwo 5:12

7:7 I Wa 8:64-66

7:8 I Wa 8:65

7:8 Jen 15:18

7:9 Lev 23:36

7:11 Lev 23:36

7:12 Det 12:5-11

7:13 II Kwo 6:26-28

7:14 II Kwo 6:37-39

7:15 II Kwo 6:20-40

7:16 II Kwo 7:12

7:18 I Wa 2:4

7:19 Lev 26:14-33

7:21 Det 29:24-27

7:22 Jij 2:13