8
I Wa 9:10-28Alò, li te vin rive nan fen ven ane pandan sila yo Salomon te bati kay SENYÈ a avèk pwòp kay li a, ke li te fin bati vil ke Huram te ba li yo, e li te etabli Izrayelit yo ladann.
Epi Salomon te ale kote Hamath-Tsoba e te kaptire li. Li te bati Thadmor nan dezè a ak tout vil depo ke li te bati nan Hamath yo. Anplis, li te bati I Kwo 7:24Wo Beth-Horon an avèk Ba Beth-Horon an, vil fòtifye avèk miray, pòtay ak fè fòje; avèk Baalath ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, tout vil pou cha li yo avèk vil pou chevalye yo ak tout sa ki te fè kè Salomon kontan pou bati nan Jérusalem, nan Liban ak nan tout peyi ki te anba règleman li yo.
Jen 15:18-21Tout moun nan pèp la ki te rete nan Etyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, avèk Jebizyen ki pa t yon pati nan Israël, ki te sòti nan desandan pa yo ki te kite nan peyi, ke fis Israël yo pa t detwi yo, I Wa 4:6yo menm, Salomon te fè yo leve kòm ouvriye kòve ki fèt jis rive jodi a. Men Salomon pa t fè esklav pou travay li pami fis Israël yo. Yo te mesye lagè, chèf kapitèn li avèk kòmandan a cha li yo ak chevalye li yo. 10 Sila yo te chèf prensipal a Wa Salomon; de san senkant yo ki te dirijan sou pèp la.
11 Salomon te mennen fè monte I Wa 3:1fi a Farawon an soti Jérusalem pou rive nan kay ke li te bati pou li a, paske li te di: “Madanm mwen p ap rete lakay David, wa Israël la, akoz plas yo kote lach SENYÈ a te ye a sen.”
12 Salomon te ofri ofrann brile bay SENYÈ a, sou II Kwo 4:1lotèl ke li te bati devan galri a. 13 Sa te fèt selon règleman a chak jou. Li te ofri yo selon lòd Moïse pou Saba yo, nouvèl lin yo, fèt apwente yo twa fwa pa lan yo—Fèt Pen San Ledven an, Fèt Semèn Yo, ak Fèt Tonèl Yo.
14 Alò, selon règleman a papa li yo, David, li te chwazi divizyon a prèt yo pou sèvis pa yo, Levit yo pou devwa pa yo, pou fè lwanj e fè sèvis devan prèt yo selon règ a chak jou a, e gadyen pòtay pa divizyon pa yo nan chak pòtay. Paske se konsa Né 12:24-36David, nonm Bondye a, te konn kòmande sa. 15 Epi yo pa t varye menm nan lòd wa a ak prèt yo avèk Levit yo nan okenn fason ki te konsène kay depo trezò yo.
16 Konsa, tout travay a Salomon an te akonpli depi jou lakay SENYÈ a te etabli a, jiskaske li te fini. Konsa, lakay SENYÈ a te konplete.
17 Konsa, Salomon te ale kote I Wa 9:26Etsjon-Guéber ak Élath sou lanmè peyi Édom an. 18 Epi Huram, pa sèvitè li yo te voye bato kote li avèk sèvitè ki te konnen lanmè yo. Yo te ale avèk sèvitè a Salomon yo nan Ophir e yo te II Kwo 9:10-13pran soti la, kat-san-senkant talan lò pou te pote yo kote Wa Salomon an.

8:1 I Wa 9:10-28

8:5 I Kwo 7:24

8:7 Jen 15:18-21

8:8 I Wa 4:6

8:11 I Wa 3:1

8:12 II Kwo 4:1

8:14 Né 12:24-36

8:17 I Wa 9:26

8:18 II Kwo 9:10-13