5
I Wa 7:51Konsa, tout travay ke Salomon te acheve pou kay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te mennen fè antre tout bagay ke David, papa li, te dedye yo, menm ajan avèk lò a, tout zouti yo e li te mete yo nan trezò lakay Bondye a.
I Wa 8:1-9Apre, Salomon te rasanble nan Jérusalem ansyen Israël yo, ak tout chèf a tribi yo, chèf lakay papa zansèt a fis Israël yo, pou mennen fè monte lach SENYÈ a sòti andeyò vil David la, ki se Sion. I Wa 8:2Tout mesye Israël yo te rasanble yo kote wa a nan fèt ki te nan setyèm mwa a. Konsa, tout ansyen Israël yo te vini. Jos 3:6Levit yo te leve pran lach la. Yo te mennen lach la fè l monte avèk tant asanble a ak tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt Levit yo te mennen fè yo monte. Epi Wa Salomon avèk tout asanble Israël ki te rasanble avèk li devan lach yo, t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab kontwole ni konte. Answit, prèt yo te mennen lach akò a SENYÈ a antre nan plas li, anndan sanktyè enteryè kay la, nan kote ki sen pase tout lòt yo anba zèl a cheriben yo. Paske cheriben yo te lonje zèl yo sou plas lach la, jiskaske cheriben yo te fè yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo. Poto yo te tèlman long ke I Wa 8:8-9pwent poto a lach yo te vizib devan sanktyè enteryè a, men yo pa t kab wè pa deyò. Epi yo toujou la jis rive jodi a. 10 Pa t gen anyen nan lach la sof ke Det 10:2-5de tablo ke Moïse te mete ladann nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo lè yo te sòti an Égypte la.
11 Lè prèt yo te vin sòti nan kote pi sen pase tout lòt kote yo, (paske tout prèt ki te prezan yo te deja sanktifye yo menm san kontwole I Kwo 24:1-5divizyon sèvis pa yo), 12 epi tout chantè Levit yo, I Kwo 25:1-4Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a otèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap II Kwo 7:6soufle twonpèt yo, 13 ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye pa I Kwo 16:42twonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di:
“Paske Li bon,
lanmou dous Li a dire pou tout tan!”
Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj, 14 jiskaske prèt yo pa t kab kanpe pou fè sèvis akoz nwaj la. Paske Egz 40:35glwa SENYÈ a te ranpli kay Bondye a.

5:1 I Wa 7:51

5:2 I Wa 8:1-9

5:3 I Wa 8:2

5:4 Jos 3:6

5:9 I Wa 8:8-9

5:10 Det 10:2-5

5:11 I Kwo 24:1-5

5:12 I Kwo 25:1-4

5:12 II Kwo 7:6

5:13 I Kwo 16:42

5:14 Egz 40:35