25
Anplis, David avèk kòmandan lame yo te mete apa pou sèvis kèk nan fis a Asaph yo, Héman ak Jeduthun pou II Wa 3:15pwofetize avèk gita yo, ap ak senbal; epi fòs kantite moun ki te fè sèvis pa yo se te: Nan fis a Asaph yo: Zaccur, Joseph, Nethania avèk Aschareéla; fis a Asaph yo te anba direksyon a Asaph, ki te pwofetize anba direksyon a wa a. I Kwo 16:41-42Selon Juduthun, fis a Juduthun yo: Guedalia, Tseri, Ésaïe, Haschabia, Matthithia avèk Schimeï, sis, anba direksyon a papa yo, Juduthun, avèk ap la, ki te konn pwofetize nan bay remèsiman avèk lwanj SENYÈ a. Selon Héman, fis a Héman nan: Bukkija, Matthania, Uziel, Schebuel, Jerimoth, Hanania, Hanani, Éliatha, Guiddalthi, Romamthi-Ézer, Joschbekascha, Mallòthi, Hothir, Machazioth. Tout sila yo te fis a Héman yo, II Sam 24:11konseye a wa a ki pou bay li ekspiyasyon selon pawòl a Bondye; paske Bondye te bay katòz fis ak twa fi a Héman. Tout te anba direksyon a papa yo pou chante lakay SENYÈ a, avèk senbal, ap ak gita yo, pou sèvis kay Bondye a. I Kwo 15:16-19Asaph, Jeduthun avèk Héman te anba direksyon wa a. Fòs kantite nan yo ki te prepare kon chantè a SENYÈ yo, avèk manm fanmi pa yo, tout te byen abil, te I Kwo 23:5de-san-katreven-di-zuit. Yo te tire osò pou travay tach yo, tout menm jan an, piti kon gran, pwofesè kon elèv.
Alò, premye tiraj osò a te tonbe a Asaph pou Joseph, dezyèm nan pou Guedalia, li menm, fanmi li ak fis pa li yo te fè douz; 10 Twazyèm nan a Zaccur, fis li yo avèk fanmi li, douz; 11 katriyèm nan a Jìtseri, fis li yo avèk fanmi li, douz; 12 senkyèm nan a Nethania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 13 sizyèm nan a Bukkija, fis li yo avèk fanmi li, douz; 14 setyèm nan a Jesareéla, fis li yo avèk fanmi li, douz; 15 uityèm nan a Ésaïe, fis li yo avèk fanmi li, douz; 16 nevyèm nan a Matthania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 17 dizyèm nan a Schimeï, fis li yo avèk fanmi li, douz; 18 onzyèm nan a Azareel, fis li yo avèk fanmi li, douz; 19 douzyèm nan a Haschabia, fis li yo avèk fanmi li, douz; 20 trèzyèm nan a Schubaël, fis li yo avèk fanmi li, douz; 21 katòzyèm nan a Matthithia, fis li yo avèk fanmi li, douz; 22 kenzyèm nan a Jerémoth, fis li yo avèk fanmi li, douz; 23 sèzyèm nan a Hanania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 24 di-setyèm nan a Joschbekascha, fis li yo avèk fanmi li, douz; 25 di-zuityèm nan a Hanani, fis li yo avèk fanmi li, douz; 26 diz-nevyèm nan a Mallothi, fis li yo avèk fanmi li, douz; 27 ventyèm nan a Élijatha, fis li yo avèk fanmi li, douz; 28 ven-te-inyèm nan a Hothir, fis li yo avèk fanmi li, douz; 29 venn-dezyèm nan a Guiddalthi, fis li yo avèk fanmi li, douz; 30 venn-twazyèm nan a Machazioth, fis li yo avèk fanmi li, douz; 31 venn-katriyèm nan a Romamthi-Ézer, fis li yo avèk fanmi li, douz.

25:1 II Wa 3:15

25:3 I Kwo 16:41-42

25:5 II Sam 24:11

25:6 I Kwo 15:16-19

25:7 I Kwo 23:5