3
Alò Joram, fis Achab la te devni Wa sou Israël nan Samarie II Wa 1:17nan di-zuityèm ane a Josaphat, wa Juda a, e li te renye pandan douzan. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, malgre, se pa tankou papa li avèk manman li. Paske Egz 23:24li te retire pilye sakre a Baal ke papa li te fè a. Sepandan, I Wa 12:28-32 li te kenbe rèd a peche Jéroboam, fis a Nebat la. Avèk sila li te fè Israël peche a. Li pa t kite yo.
Alò, Mesha, wa Moab la te yon mèt ki fò nan pran swen mouton. Li II Sam 8:2te konn peye wa Israël la avèk lenn a san-mil jenn mouton ansanm avèk lenn san-mil belye. Men II Wa 1:1lè Achab te vin mouri, wa Moab la te fè rebèl kont wa Israël la. Konsa, wa Joram te kite Samarie nan tan sa a pou te rasanble tout Israël. Alò, li te voye kote Josaphat, wa Juda a. Li te di: “Wa Moab la te fè rebèl kont mwen. Èske ou va monte avè m pou goumen kont Moab?”
Li te reponn: “M ap monte. I Wa 22:4Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.” Konsa, li te mande: “Nan ki chemen nou dwe monte?”
Wa Joram te reponn: “Pa chemen dezè ki nan Édom an.” Konsa, wa Israël la te ale avèk wa Juda a ak I Wa 22:47wa Édom an e nan vwayaj la, yo fè yon tou mache pandan sèt jou, e pa t gen dlo pou lame a ak pou betay ki te swiv yo. 10 Alò, wa Israël la te di: “Elas! Konsa SENYÈ a te rele twa wa sa yo pou lage yo nan men Moab.”
11 Men Josaphat te di: I Wa 22:7“Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a isit la, pou nou kapab fè demann SENYÈ a pa li menm?”
Youn nan sèvitè wa yo te reponn. Li te di: “Élisée, fis a Schaphath la, ki te konn vide dlo sou men a Élie yo isit la.”
12 Josaphat te di: “Pawòl SENYÈ a avèk li.” Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, avèk wa Édom an te desann kote li.
13 Alò, Élisée te di a wa Israël la: “Kisa m gen avè w? I Wa 18:19Ale kote pwofèt a papa ou avèk pwofèt a manman ou yo.”
Wa Israël la te reponn: “Non, paske SENYÈ a te rele twa wa sila yo ansanm pou livre yo nan men a wa Moab la.”
14 Élisée te di: I Wa 17:1“Jan SENYÈ a viv la, devan sila mwen kanpe a, si se pa ke m respekte prezans a Josaphat, wa Juda a, mwen pa t ap gade ou, ni wè ou. 15 Men koulye a, mennen ban mwen yon mizisyen.” Epi li te vin rive ke lè mizisyen an te jwe, I Wa 18:46men SENYÈ a te vini sou Elisée. 16 Li te di: “Konsa di SENYÈ a: ‘Fè vale sila a vin ranpli avèk kanal.’ 17 Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Ou p ap wè van ni ou p ap wè lapli. Malgre sa, vale sila a Sòm 107:35va vin ranpli avèk dlo pou nou kab bwè; ni nou, ni bèf nou yo, ni bèt nou yo. 18 Sa se sèlman yon tikras bagay nan zye SENYÈ a. Anplis, Li va livre Moabit yo nan men nou. 19  II Wa 3:25Konsa, nou va frape chak vil ki fòtifye e chak nan pi bèl vil yo, koupe mete atè tout bon pyebwa, bouche tout sous dlo e gate tout bon mòso tè avèk wòch yo.’ ”
20 Li te vin rive nan maten Egz 29:39-40vè lè pou ofri sakrifis la, ke vwala, dlo te sòti vè direksyon Édom e peyi a te vin ranpli avèk dlo.
21 Alò, tout Moabit yo te tande ke wa yo te monte pou goumen kont yo. Epi tout moun ki te kapab, te mete vètman pwotèj yo e sila avèk plis laj yo te resevwa lòd pou vin kanpe sou lizyè fwontyè a. 22 Yo te leve bonè nan maten, solèy la te vin klere sou dlo a, e Moabit yo te wè dlo anfas yo a wouj tankou san. 23 Konsa, yo te di: “Sa se san. Asireman, wa yo te goumen ansanm e youn te touye lòt. Pou sa, Moab, antre pran piyaj la!”
24 Men lè yo te rive nan kan Israël la, Izrayelit yo te leve e te frape Moabit yo jiskaske yo te kouri devan yo. Epi yo te avanse nan peyi a e te fè yon gwo masak pami Moabit yo. 25  II Wa 3:19Konsa, yo te detwi vil yo, epi chak moun te jete yon wòch sou chak mòso bon tè pou te plen yo. Epi yo te bouche tout sous dlo yo e te koupe tout bon pyebwa yo, jis yo rive nan Kir-Haréseth kote se sèl wòch li yo ki rete. Men mesye fistibal yo te antoure li e te frape li. 26 Lè wa Moab la te wè ke batay la te twò mechan pou li, li te pran avèk li sèt-san mesye ki te rale nepe pou ouvri yon pasaj pou rive kote wa Édom an; men yo pa t kapab. 27 Alò, li te pran pi gran fis li a ki te gen pou renye nan plas li, e li te Am 2:1ofri li kòm yon ofrann brile sou mi lan. Epi te vin gen lakòlè byen cho kont Israël, e yo te kite li pou retounen nan peyi pa yo.

3:1 II Wa 1:17

3:2 Egz 23:24

3:3 I Wa 12:28-32

3:4 II Sam 8:2

3:5 II Wa 1:1

3:7 I Wa 22:4

3:9 I Wa 22:47

3:11 I Wa 22:7

3:13 I Wa 18:19

3:14 I Wa 17:1

3:15 I Wa 18:46

3:17 Sòm 107:35

3:19 II Wa 3:25

3:20 Egz 29:39-40

3:25 II Wa 3:19

3:27 Am 2:1