18
Alò, li te rive Luc 4:25apre anpil jou ke pawòl SENYÈ a te vini a Élie nan twazyèm ane a. Li te di: “Ale, montre ou menm a Achab e Mwen va voye lapli sou fas tè a.”
Konsa, Élie te ale montre li menm a Achab. Alò, gwo grangou a te byen rèd nan Samarie. Achab te rele Abdias I Wa 16:9ki te chèf sou lakay li. (Alò, Abdias te Né 7:2gen lakrent SENYÈ a anpil; paske I Wa 18:13lè Jézabel te detwi pwofèt SENYÈ yo, Abdias te pran yon santèn nan pwofèt yo, li te kache yo pa senkant nan yon kav e li te founi yo avèk pen avèk dlo.) Alò, Achab te di Abdias: “Pase nan peyi kote tout sous dlo yo. Petèt nou va twouve zèb pou kenbe chwal avèk milèt yo vivan e pou nou pa oblije touye nan bèt yo.”
Pou sa, yo te divize peyi a antre yo pou yo fè rechèch li. Achab te pran yon chemen e Abdias te pran yon lòt pou kont li. Alò, pandan Abdias te nan wout la, vwala, Élie te rankontre li. II Wa 1:6-8Abdias te rekonèt li e te tonbe sou figi li. Li te di: “Èske se ou menm, Élie, mèt mwen an?”
Li te di li: “Se mwen. Ale, pale a mèt ou a, ‘Men vwala, Élie isit.’ ”
Li te di: “Ki peche mwen te fè ke ou ta vin mete sèvitè ou nan men Achab pou l mete m a lanmò? 10 Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, nanpwen nasyon oswa wayòm kote mèt mwen pa t voye chache ou. Lè yo te di: ‘Li pa la’, li te fè wayòm nan oswa nasyon an sèmante ke yo pa t kab jwenn ou. 11 Epi koulye a w ap di: ‘Ale di mèt ou “Men vwala, Élie!” ’ 12 Li va vin rive ke lè m kite ou, Lespri SENYÈ a va pote ou kote m pa konnen. Konsa, lè m vini pale Achab, lè l pa kab jwenn ou, li va touye mwen, malgre mwen, sèvitè ou a, te gen lakrent SENYÈ a depi nan jenès mwen. 13  I Wa 18:4Èske sa pa t pale a mèt mwen sa m te fè lè Jézabel te touye pwofèt SENYÈ yo, ke m te kache yon santèn nan pwofèt SENYÈ a pa senkantèn nan yon kav e mwen te founi yo avèk pen avèk dlo? 14 Epi koulye a, w ap di mwen: ‘Ale pale a mèt ou: “Men Élie!” Epi se konsa l ap touye mwen.’
15 Élie te di: I Wa 17:1“Jan SENYÈ dèzame yo viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite, mwen va montre mwen menm a li menm jodi a.” 16 Konsa, Abdias te ale rankontre Achab e te pale li, epi Achab te ale rankontre Élie.
17 Lè Achab te wè Élie, Jos 7:25Achab te di li: “Èske se ou menm, sila ki twouble Israël la?”
18 Li te di: “Mwen pa t twouble Israël, men ou menm avèk lakay papa ou, akoz I Wa 9:9ou te abandone lòd SENYÈ yo pou I Wa 21:25-26ou te swiv Baal yo. 19 Alò, pou sa, voye ranmase vè mwen tout Israël nan Jos 19:26Mòn Carmel avèk kat-san-senkant pwofèt Baal ak kat-san pwofèt I Wa 16:33Astarté ki manje sou tab Jézabel la.”
20 Konsa, Achab te voye pami tout fis Israël yo e te mennen pwofèt yo ansanm nan Mont Carmel. 21 Élie te pwoche tout pèp la e te di: Mat 6:24“Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? Jos 24:5Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.”
Men moun yo pa t reponn menm yon mo.
22 Konsa, Élie te di a pèp la: “Se mwen sèl ki rete kòm pwofèt SENYÈ a, men pwofèt a Baal yo se kat-san-senkant òm. 23 Alò, kite yo bannou de bèf, e kite yo chwazi yon bèf pou yo menm, koupe li an mòso e mete li sou bwa a, men san pa mete dife; epi mwen va prepare lòt bèf la e kouche li sou bwa e mwen p ap mete dife. 24 Alò, ou va rele non a dye pa nou an e mwen va rele non SENYÈ a, e I Wa 18:38Dye ki reponn pa dife a, se Li menm ki Bondye a.”
Epi tout moun yo te reponn: “Lide sa a bon.”
25 Konsa, Élie te di a pwofèt a Baal yo: “Chwazi yon bèf pou nou menm e prepare li, paske nou anpil e rele non a dye pa nou an, men pa mete dife.”
26 Konsa, yo te pran bèf ki te bay a yo menm nan, yo te prepare li e te rele non Baal la soti nan maten jis rive midi e yo t ap di: “O Baal, reponn nou.” Men Sòm 115:4-5pa t gen vwa e okenn moun pa t reponn. Epi yo te toutotou lotèl ke yo te fè a.
27 Li te vin rive vè midi ke Élie te moke yo. Li te di: “Rele avèk vwa fò, paske li se yon dye! Oswa petèt li okipe, ke li okipe! Oswa li te vire akote, oswa li fè yon vwayaj, o petèt li dòmi e ou bezwen fè l leve.”
28 Konsa, yo te kriye avèk gwo vwa. Yo te Lev 19:28koupe kò yo selon abitid pa yo avèk nepe ak frenn jis san te fè flèv sou yo. 29 Lè midi te fin pase, yo te anraje Egz 29:39-41jis rive nan moman pou ofri sakrifis aswè yo, men pa t gen vwa, okenn pa t reponn, ni okenn pa t okipe yo.
30 Alò, Élie te di a tout pèp la: “Vin kote mwen.” Konsa, tout pèp la te vin kote li. Konsa, li te I Wa 19:10-14repare lotèl SENYÈ a ki te dechire a. 31 Élie te pran douz wòch selon non tribi a fis a Jacob yo, a sila pawòl SENYÈ a te parèt yo, e te di: Jen 32:28“Israël va non ou.” 32 Konsa, avèk wòch yo, li te bati yon lotèl Jen 32:28nan non SENYÈ a e li te fè yon kanal antoure lotèl la ase laj pou kenbe de mezi semans. 33  Jen 22:9Apre, li te ranje bwa a, li te koupe bèf la an mòso e li te poze li sou bwa a. 34 Epi li te di: “Ranpli kat po avèk dlo e vide li sou ofrann brile yo ak sou bwa a.” Epi li te di: “Fè l yon dezyèm fwa,” epi yo te fè l yon dezyèm fwa. Epi li te di: “Fè l yon twazyèm fwa,” epi yo te fè l yon twazyèm fwa. 35 Dlo a te kouri antoure lotèl la e li te plen kanal la osi.
36 Nan tan ofrann sakrifis aswè a, Élie, pwofèt la, te pwoche e te di: “O SENYÈ, Bondye Abraham, Isaac avèk Israël la, jodi a, kite li byen rekonèt ke I Wa 8:43Ou se Bondye an Israël, ke mwen se sèvitè Ou, e ke Nonb 16:28-32mwen te fè tout bagay sa yo pa pawòl Ou menm. 37 Reponn mwen, O SENYÈ, reponn mwen, pou pèp sa a kapab konnen ke Ou menm, O SENYÈ, se Bondye e ke Ou fè kè yo vire retounen kote Ou ankò.”
38 Konsa, Lev 10:1-2dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la. 39 Lè tout pèp la te wè sa, yo te tonbe sou figi yo, epi yo te di: I Wa 18:21-24“SENYÈ a, se Li menm Ki Bondye a! SENYÈ a, se Li menm ki Bondye a!”
40 Epi Élie te di yo: “Sezi pwofèt a Baal yo! Pa kite youn nan yo chape!”
Yo te sezi yo, epi Élie te mennen yo desann nan Jij 4:7flèv Kison an e II Wa 10:24-25te touye yo la.
41 Alò, Élie te di a Achab: “Ale monte, manje e bwè; paske gen gwo bwi lapli.”
42 Konsa, Achab te monte pou manje e bwè. Men Élie te monte sou tèt Mòn I Wa 18:19-20Carmel; epi li te koube jenou li, apiye atè avèk figi li antre jenou li. 43 Li te di a sèvitè li: “Ale monte koulye a, gade bò kote lanmè a.”
Konsa, li te monte gade, e te di: “Nanpwen anyen” epi li te di:
“Ale retounen” menm sèt fwa.”
44 Li te vin rive nan setyèm fwa a ke li te di: “Vwala, yon grenn Luc 12:54nwaj piti tankou men a yon moun ap monte soti kote lanmè a.”
Epi li te di: “Ale monte, pale Achab pou di l: ‘fè cha ou a parèt e desann pou gwo lapli a pa rete ou.’ ”
45 Nan yon ti tan, syèl la te vin fènwa avèk nwaj ak van e te gen yon lapli fò. Epi Achab te monte pou te ale kote És 8:11Jizréel. 46 Alò, És 8:11men SENYÈ a te sou Élie. Li te mare senti li e te kouri pi vit ke Achab pou rive nan lantre kote Jizréel.

18:1 Luc 4:25

18:3 I Wa 16:9

18:3 Né 7:2

18:4 I Wa 18:13

18:7 II Wa 1:6-8

18:13 I Wa 18:4

18:15 I Wa 17:1

18:17 Jos 7:25

18:18 I Wa 9:9

18:18 I Wa 21:25-26

18:19 Jos 19:26

18:19 I Wa 16:33

18:21 Mat 6:24

18:21 Jos 24:5

18:24 I Wa 18:38

18:26 Sòm 115:4-5

18:28 Lev 19:28

18:29 Egz 29:39-41

18:30 I Wa 19:10-14

18:31 Jen 32:28

18:32 Jen 32:28

18:33 Jen 22:9

18:36 I Wa 8:43

18:36 Nonb 16:28-32

18:38 Lev 10:1-2

18:39 I Wa 18:21-24

18:40 Jij 4:7

18:40 II Wa 10:24-25

18:42 I Wa 18:19-20

18:44 Luc 12:54

18:45 És 8:11

18:46 És 8:11