19
Alò, Achab te di Jizréel tout sa ke Élie te fè ak I Wa 18:40jan li te touye tout pwofèt yo avèk nepe. Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: Rt 1:17“Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.”
Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan Jen 21:31Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la. Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, Jr 20:14-18li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”
Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen Jen 28:12yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!”
Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò. Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.”
Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Egz 3:1Horeb, mòn Bondye a. Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”
10 Li te di: Egz 20:5“Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, Wo 11:3-4yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”
11 Pou sa, Li te di: Egz 19:20“Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.”
Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a. 12 Apre van an yon dife, men SENYÈ a pa t nan dife a. Epi apre dife a, Job 4:16yon ti bwi tankou yon souf lejè. 13 Lè Élie te tande l, Egz 3:6li te fin vlope figi li nan manto li a e li te ale deyò nan antre kav la. Epi vwala, yon vwa te parèt a li menm e te di: “Kisa w ap fè isit la, Élie?” 14 Epi li te di: I Wa 19:10“Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, paske fis Israël yo te abandone akò Ou a, dechire lotèl Ou yo e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete; epi y ap chache lavi mwen pou pran l.”
15 SENYÈ a te di li: “Ale, retounen sou chemen ou vè dezè Damas la, e lè ou fin rive, II Wa 8:8-15ou va onksyone Hazaël wa sou Syrie; 16 epi II Wa 9:1-10Jéhu, fis Nimschi a, ou va onksyone wa sou Israël; epi Élisée, fis a Schaphath a nan Abel-Mehola a, ou va onksyone li kòm pwofèt nan plas ou. 17 Li va vin rive ke II Wa 13:3-22sila ki chape anba nepe Hazaël la, Jéhu II Wa 9:14-37 va mete l a lanmò e sila ki chape anba nepe a Jéhu a, Élisée va mete l a lanmò. 18  Wo 11:4Sepandan, Mwen va kite sèt-mil an Israël, tout jenou ki pa t bese a Baal e tout bouch ki pa t konn bo li.”
19 Konsa, li te kite la e te twouve Élisée, fis a Schaphath la, pandan li t ap raboure avèk douz pè bèf devan li, li menm avèk douzyèm nan. Epi Élie te pase bò kote li e te jete II Wa 2:8-14manto li sou li. 20 Li te kite bèf yo e te kouri dèyè Élie. Li te di: “Souple, Mat 8:21kite m bo papa m avèk manman m e mwen va swiv ou.” Epi li te di li:
“Ale, retounen, paske kisa ke m te fè ou?” 21 Konsa, li te retounen soti swiv li, li te pran pè bèf la e li te fè sakrifis avèk yo, li te II Sam 24:22bouyi chè avèk dife fèt ak zouti bèf e li te bay a pèp la pou yo te manje. Epi li te leve, li te swiv Élie pou te sèvi li.

19:1 I Wa 18:40

19:2 Rt 1:17

19:3 Jen 21:31

19:4 Jr 20:14-18

19:5 Jen 28:12

19:8 Egz 3:1

19:10 Egz 20:5

19:10 Wo 11:3-4

19:11 Egz 19:20

19:12 Job 4:16

19:13 Egz 3:6

19:14 I Wa 19:10

19:15 II Wa 8:8-15

19:16 II Wa 9:1-10

19:17 II Wa 13:3-22

19:17 II Wa 9:14-37

19:18 Wo 11:4

19:19 II Wa 2:8-14

19:20 Mat 8:21

19:21 II Sam 24:22