13
Nan venn-twazyèm ane a Joas la, fis a Achazia a, wa Juda a, te devni wa sou Israël nan Samarie, e li te renye pandan di-setan. Li te fè mal nan zye a SENYÈ a e li te swiv peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, I Wa 12:26-33avèk sila li te fè Israël peche yo. Li pa t vire kite yo menm. Jij 2:14 Akoz sa, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël, e Li te livre yo nan men a Hazaël, wa Syrie a ak nan men a Ben-Hadad, fis a Hazaël la. Alò, Nonb 21:7-9Joachaz te sipliye SENYÈ a pou fè li favè, e SENYÈ a te koute li; paske Egz 3:7-9Li te wè opresyon Israël la, jan Syrie t ap oprime yo. SENYÈ a te bay Israël yon II Wa 13:25liberatè. Konsa, yo te chape anba men Siryen yo. Konsa, fis Israël yo te viv nan tant yo, kòm oparavan. Sepandan, yo pa t vire kite peche lakay Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo, men li te mache nan yo; epi zidòl I Wa 16:33Astarté a te toujou kanpe Samarie. Pou sa, Li te kite pou Joachaz yon lame ki pa t plis ke senkant chevalye avèk dis cha e di-mil sòlda apye; paske wa Syrie a te detwi yo e te Am 1:3fè yo vin tankou pousyè vannen. Alò tout lòt zèv a Joachaz yo, avèk tout sa li te fè ak pouvwa li, èske yo pa ekri nan Liv La A Kwonik Yo A Wa Israël Yo? Epi Joachaz te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li Samarie. Epi Joas, fis li a, te renye nan plas li.
10 Nan trann-setyèm ane a Joas, wa Juda a, Joas, fis a Joachaz la te devni wa sou Israël Samarie e te renye pandan sèzan. 11 Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t vire kite tout peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo; men li te mache ladan yo. 12  II Wa 13:14-19Alò, tout lòt zèv a Joas yo avèk tout sa ke li te fè ak pouvwa li, avèk sila li te goumen kont Amatsia, wa Juda a, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël Yo? 13 Konsa, Joas te dòmi avèk zansèt li yo e Jéroboam te chita sou twòn li an. Epi Joas te antere Samarie avèk wa Israël yo.
14 Lè Élisée te vin malad avèk maladi ki te pran lavi li a, Joas, wa Israël la, te desann kote li, e te kriye sou li e te di: II Wa 2:12“Papa mwen, O Papa mwen, men cha Israël yo avèk chevalye li yo!”
15 Élisée te di li: “Pran yon banza avèk flèch.” Konsa, li te pran yon Banza avèk flèch. 16 Alò, li te di a wa Israël la: “Mete men ou sou banza a.” Epi li te mete men l sou li e Élisée te mete men l sou men wa a. 17 Li te di: “Ouvri fenèt la vè lès!” Epi li te ouvri li. Alò, Élisée te di: “Tire!” Epi li te tire. Epi li te di: “Flèch viktwa SENYÈ a, menm flèch viktwa sou Syrie a; paske ou va bat Siryen yo nan I Wa 20:26Aphek jiskaske ou fin detwi yo.”
18 Epi li te di: “Pran flèch yo!” Epi li te pran yo. Li te di a wa Israël la: “Frape tè a!” Epi li te frape li twa fwa e te sispann. 19 Pou sa, II Wa 5:20nonm Bondye a te fache avèk li e te di: “Ou te dwe frape l senk oswa sis fwa; epi konsa, ou t ap frape Syrie jiskaske ou fin detwi li. Men koulye a, se sèlman twa fwa ke ou va frape Syrie.”
20 Élisée te mouri e yo te antere li.
Alò, II Wa 3:7bann Moabit yo te fè envazyon teritwa a nan sezon prentan ane sila a. 21 Pandan yo t ap antere yon mesye, men vwala, yo te wè yon bann piyajè; epi yo te jete mesye a nan tonm Élisée a. Epi lè mesye a te touche zo Élisée yo, li te Mat 27:52resisite e te kanpe sou pye l.
22 Alò II Wa 8:12-13Hazaël, wa Syrie a, te oprime Israël pandan tout jou a Joachaz yo. 23 Men II Wa 14:27SENYÈ a te fè yo gras, Li te gen mizerikòd pou yo, Li te vire kote yo akoz akò ke li te gen avèk Abraham, Isaac, avèk Jacob la e Li pa t detwi yo ni jete yo deyò prezans li jis rive nan moman sa a.
24 Lè Hazaël, wa Syrie a te mouri, Ben-Hadad, fis li a, te devni wa nan plas li. 25 Epi Joas, fis a Joachaz la, te reprann vil yo soti nan men a Ben-Hadad, fis Hazaël la, vil ke papa li te pran nan lagè soti nan men a Joachaz yo, papa li a. II Wa 13:18-19 Twa fwa Joas te bat li e te reprann vil yo ki te pou Israël yo.

13:2 I Wa 12:26-33

13:3 Jij 2:14

13:4 Nonb 21:7-9

13:4 Egz 3:7-9

13:5 II Wa 13:25

13:6 I Wa 16:33

13:7 Am 1:3

13:12 II Wa 13:14-19

13:14 II Wa 2:12

13:17 I Wa 20:26

13:19 II Wa 5:20

13:20 II Wa 3:7

13:21 Mat 27:52

13:22 II Wa 8:12-13

13:23 II Wa 14:27

13:25 II Wa 13:18-19